YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 22

22
1Lè nou jwenn bèf osinon kabrit yon moun #Egz 23.4 pèp Izrayèl parèy nou ki kase kòd, pa fè tankou nou pa wè. Se pou nou pran l mennen l tounen ba li. 2Men, si mèt bèt la rete twò lwen, osinon si nou pa konnen pou ki moun li ye, n'a pran l, n'a mennen l lakay nou. N'a kenbe l lakay nou jouk mèt li va vin chache l. Lè sa a n'a renmèt li li. 3N'a fè menm jan an tou pou bourik, rad osinon nenpòt bagay yon moun pèp Izrayèl parèy nou ta rive pèdi epi se nou ki ta jwenn li. Pa fè tankou nou pa wè sa.
4#Egz 23.5 nou wè bourik osinon bèf yon moun pèp Izrayèl parèy nou kouche nan chemen, pa fè tankou nou pa wè sa. Se pou nou ride l fè l kanpe ankò.
5Fanm pa gendwa mete rad gason sou yo. Gason pa gendwa mete rad fanm sou yo. Senyè a, Bondye nou an, pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.
6Si #Lev 22.28 sou chemen nou, nou jwenn yon nich zwazo, swa sou yon pyebwa, swa atè avèk manman zwazo a kouche sou pitit li yo, osinon sou ze l'ap kouve, piga nou pran manman zwazo a sou nich la. 7N'a #Det 4.40 kite manman zwazo a vole ale, n'a pran ti zwazo yo sèlman. Se konsa Bondye va fè tout zafè nou mache byen, l'a fè nou viv lontan.
8Lè n'ap bati yon kay nèf, n'a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p'ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.
9Pa #Lev 19.19 janm plante okenn lòt kalite grenn nan jaden rezen nou. Si nou fè sa, nou p'ap ka sèvi ni avèk rezen yo ni avèk rekòt lòt grenn nou te plante yo.
10Piga nou mete bèf ak bourik ansanm pou rale chari.
11Piga nou janm mete sou nou rad ki fèt ak divès kalite lenn ak twal fen blan tise ansanm. 12N'a #Nonb 15.38; Mat 23.5 mete yon ponpon nan kat kwen rad nou mete sou nou.
Fanm ki pèdi repitasyon l
13Sipoze #2 Sam 13.15 yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avè l, epi apre sa, li vin pa renmen l ankò. 14Lè sa a, li ba li tout kalite defo ki genyen, li avili li devan tout moun, li di: paske lè mwen marye avè li, lè nou vin ansanm, mwen jwenn li pa te tifi. 15Enben, lè sa a, papa ak manman jenn madanm lan va pran dra maryaj la ki gen prèv madanm lan te tifi, y'a pote l nan tribinal bò pòtay lavil la, y'a moutre chèf fanmi lavil yo li. 16Epi, papa jenn ti madanm lan va di chèf fanmi yo: Mwen te bay nonm sa a pitit fi mwen pou madanm. Kounyeya, li pa renmen l ankò, 17li pretann di madanm lan plen defo, l'ap di: O wi, mwen pa jwenn madanm lan tifi, men mwen pote ban nou prèv li te tifi. Epi l'a louvri dra a devan tout chèf fanmi lavil la. 18Lè sa a chèf fanmi lavil yo va pran mari a, y'a bat li byen bat. 19Y'a fè l peye yon amann, y'a fè l bay san pyès ajan, y'a renmèt bay papa jenn fanm lan, paske li te pale yon jenn tifi moun Izrayèl yo mal. Lèfini l'a blije rete ak fanm lan, li p'ap janm ka divòse avè l, jouk li menm li mouri. 20Men, si sa mari a te di a se te vre, kifè yo pat kapab bay prèv madanm lan te tifi, 21y'a #Jen 34.7; Det 13.5 pran ti madanm lan, y'a mennen l deyò devan lakay papa l, epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l nan dezòd antan li te lakay papa l. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
Moun adiltè
22Si #Lev 20.10; Eze 16.38; Jan 8.5 nou bare yon nonm ap kouche ak yon madanm marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 23Si yon jenn fi tifi fyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l nan yon lavil, li kouche avè l epi moun bare yo, n'a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou. 24Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 25Men, si se andeyò lwen kay moun nèg la te kontre ak jenn fi fyanse a, epi li kenbe l, li kouche avè l, se nèg la sèlman ki pou mouri. 26Yo pa gendwa fè jenn fi a anyen, paske li pa fè anyen la a pou li ta merite lanmò. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lòt epi li touye l. 27Nèg la te kontre avè l andeyò lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pat gen pèsonn pou pote l sekou. 28Si #Egz 22.16 yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l, ki poko fyanse, epi li kenbe l, li fòse l kouche avè l, si yo bare yo, 29nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l kouche avè l. Li p'ap janm ka divòse avè l jouk li mouri.
30 # 22.30—23.25: Koresponn ak chapit 23.1-26 nan tèks ebre a. Yon #Lev 18.8; Det 27.20 nonm pa gendwa kouche ak madanm papa l. Li pa gendwa avili papa l konsa.

Currently Selected:

Detewonòm 22: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in