YouVersion Logo
Search Icon

Danyèl 5

5
Gwo resèpsyon wa Belchaza a
1Yon jou, wa Bèlchaza bay yon gwo resèpsyon pou mil moun nan gwo zotobre peyi a. Yo t'ap bwè diven ansanm. 2Antan #Da 1.2 yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y'al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l, Nebikadneza, te pran nan Tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo. 3Lamenm, yo pote gode an lò ak gode an ajan yo, epi yo tout yo tanmen bwè ladan yo. 4Yo #Sòm 115.4-7; Rev 9.20 t'ap bwè diven, yo t'ap fè lwanj bondye pa yo ki fèt an lò, an ajan, an kwiv, an bwa, an fè ak an wòch.
5Yo rete konsa, yo wè yon men moun parèt. Li pran ekri sou miray palè a, kote limyè lanp lan te pi klere a. Wa a wè bout men ki t'ap ekri a. 6Li #Na 2.10 chanje koulè, li vin pè. Li santi tout kò l aprale, jounou l yo pran tranble. 7Li #Jen 41.42; Da 4.6 rele byen fò, li mande pou fè chache tout divinò, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save ki rete lavil Babilòn yo. Lè yo vini, wa a di yo konsa:
— Nenpòt moun ki ka li sa ki ekri la a, lèfini ki ka fè m konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou li, m'ap pase yon chenn an lò nan kou l. Apre sa, m'ap ba li twazyèm plas apre m nan gouvènman m lan.
8Tout #Jen 41.8; Da 4.7,18 nèg save wa yo vanse. Men, pat gen yonn ladan yo ki te ka li sa ki ekri a, ale wè pou yo ta fè l konnen sa li vle di. 9Wa a vin pi pè toujou, figi l pèdi koulè. Tout chèf yo menm pat konn sa pou yo fè.
10Larenn #Da 2.4 lan, manman wa a, tande tout pale fò wa a t'ap fè ansanm ak chèf li yo. Li antre nan sal resèpsyon an. Li di konsa:
— Monwa, mwen mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò! Ou pa bezwen pèdi tèt ou, ou pa bezwen pè. 11Gen #Da 2.48; 4.8,9 yon moun nan peyi ou la ki gen lespri bondye nan syèl yo #5.11: bondye nan syèl yo: Osinon Bondye nan syèl la. nan li. Lè papa ou te la, nèg sa a te moutre jan li gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann sou li tankou bondye yo. Lè sa a, papa ou, wa Nebikadneza, te nonmen l chèf sou tout divinò, tout majisyen, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save yo. 12Danyèl #Da 1.7 sa a, papa ou te rele l Bèltechaza. Li te gen yon gwo lespri nan li, anpil konesans ak anpil konprann kifè li te konn esplike rèv ak tout bagay moun pa konprann. Li te jwenn solisyon pou tout poblèm. Fè chache Danyèl sa a, l'a fè ou konnen sa tout bagay sa yo vle di.
Danyèl esplike sa ki ekri sou miray la
13Yo mennen Danyèl devan wa a. Wa a di li:
— Se ou menm Danyèl, yonn nan jwif wa Nebikadneza, papa m, te depòte sòti nan peyi Jida mennen isit la? 14Mwen #Da 1.20 tande ou gen bondye yo avè ou. Ou se yon nonm ki gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann. 15Yo mennen nèg save ak moun ki li zetwal pou yo li sa ki ekri la a, lèfini pou yo fè m konnen sa li vle di. Men yo pat kapab. 16Kounyeya, mwen tande ou ka bay esplikasyon pou tout bagay moun pa konprann, ou jwenn solisyon pou tout poblèm. Si ou ka li sa ki ekri la a, si ou fè m konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou ou, m'ap pase yon chenn an lò nan kou ou. Lèfini, m'ap ba ou twazyèm plas apre m nan gouvènman m lan.
17Danyèl #2 Wa 5.16 reponn wa a:
— Ou mèt kenbe kado ou yo pou ou, osinon bay lòt moun yo. Men tout jan, monwa, m'ap li sa ki ekri a pou ou, lèfini m'ap fè ou konnen sa li vle di. 18Monwa, #Da 2.37; 3.26 Bondye ki anwo nan syèl la te fè papa ou, Nebikadneza, wa. Li te ba li pouvwa, otorite ak anpil bèl bagay. 19Bondye te sitèlman ba li pouvwa, tout pèp, moun tout ras, moun ki pale tout kalite lang te pè l. Yo te tranble devan l. Li te touye moun li vle, li te kite moun li vle viv. Li moute moun grad, li desann moun grad jan li vle. 20Men, #Eze 31.10,11; Da 4.30,31; Tra 12.23 li kite lògèy vire tèt li, li vin mechan anpil, li santi li pa kanmarad pèsonn. Se konsa yo wete l sou fòtèy wa a, li pèdi bèl plas sa a. 21Yo #Da 4.25,32 mete l deyò, yo voye l byen lwen, yo pa kite l mache sou moun. Lespri li tounen tankou lespri yon bèt. Li rete menm kote avèk bourik mawon, li manje zèb tankou bèf, lawouze bat li kou bèt seren. Lèfini, li rekonèt se Bondye ki anwo nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè, se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
22Men, ou menm Bèlchaza, pitit li, ou pat soumèt devan l, atout ou te konnen tout bagay sa yo. 23Ou #Jòb 12.10; Sòm 135.15-17; Jer 10.23; Da 1.2; 4.37; Tra 12.23; Rev 9.20 menm tou, ou kenbe tèt ak Senyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan Tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li. 24Se poutèt sa Bondye voye bout men sa a ekri pawòl sa yo.
25Men sa ki ekri: Konte. Konte. Peze. Separe. 26Men sa sa vle di: Konte: Bondye konte konbe jou depi ou wa, li pral mete yon bout nan sa. 27Peze: #Jòb 31.6; Sòm 62.9 Li mete ou nan balans, li jwenn ou manke pèz. 28Separe: #Eza 13.17; Jer 51.11 yo pral separe peyi ki sou lòd ou a bay moun Medi yo ak moun Pès yo. #5.28: moun Pès yo: Nan lang arameyen yo mo ki vle di separe a sonnen tankou mo ki vle di moun Pès yo.
29Lamenm, #Jen 41.42; Estè 8.15; Da 5.7,16 wa Bèlchaza bay lòd pou yo mete gwo manto wouj la sou Danyèl, pou yo pase yon chenn an lò nan kou li, lèfini pou yo fè tout moun konnen Danyèl se twazyèm chèf apre li nan gouvènman peyi kote l wa a. 30Menm #Jer 50.24; 51.31 jou lannwit sa a, yo touye Bèlchaza, wa lavil Babilòn lan. 31Epi, #Da 9.1 Dariyis, moun peyi Medi a, pran pouvwa a. Dariyis te gen swasanndezan sou tèt li lè sa a.

Currently Selected:

Danyèl 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy