YouVersion Logo
Search Icon

Danyèl 10

10
Vizyon larivyè Lefrat la
1Siris t'ap mache sou twazan depi l #Da 1.7,21; 6.28 te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Bèltechaza tou, konnen yon mesay. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. #10.1: Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la: Osinon Mesay la te vre, men li te difisil pou konprann. Se nan yon vizyon yo te fè l konprann mesay la.
2Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn. 3Mwen #Da 10.13; Mat 6.17 pat manje okenn bon ti manje, ni okenn vyann. Mwen pat mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pat pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.
4Sou #Jen 2.14 vennkatriyèm jou premye mwa a nan lanne a, mwen te kanpe bò gwo larivyè Lefrat la. 5Mwen #Jer 10.9; Eze 9.2; Rev 15.6 leve je m, mwen wè yon moun ki te gen rad swa sou li ak yon sentiwon fèt ak bon lò mare nan ren l. 6Kò l #Eze 1.14,16,24; Mat 28.3; Rev 1.14,15; 19.6 te klere tankou yon wòch poli. Figi l te tankou zèklè. Je l yo te klere tankou de moso chabon dife. Bra l ak janm li yo te tankou kwiv yo te poli. Lè l pale menm, se tankou si se te yon foul moun ki t'ap pale ansanm.
7Se #Tra 9.7 mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m yo pat wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache. 8Mwen #Da 7.28 menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t'ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m pat gen fòs menm, figi m te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen. 9Lè m #Da 8.18; Rev 1.17 tande vwa li menm, mwen tonbe fas atè, mwen pèdi konesans. 10Apre sa, mwen santi yon men manyen m, li fè m leve sou pla men m ak sou jenou m. M t'ap tranble toujou. 11Zanj #Eze 2.1; Da 9.23; 10.19 lan di m konsa:
— Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m kote ou.
Lè li fin di m sa, mwen leve kanpe, men m t'ap tranble toujou. 12Li #Tra 10.4; Rev 1.17 di m konsa:
— Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. 13Zanj chèf #10.13: zanj chèf: Osinon zanj gadyen. Menm bagay la nan vèsè 20 ak 21 chapit 10 la. peyi Pès la te kenbe tèt avè m pandan #Da 10.2,3; 12.1; Jid 9; Rev 12.7 venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la. 14Mwen #Jen 49.1; Da 8.26; Aba 2.3 vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.
15Lè li di m sa, m bese je m gade atè san m pa di anyen. 16#Eza 6.7; Jer 1.9; Da 8.15 sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l, li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m lan:
— Mèt, vizyon an fè m pè, m pèdi tout fòs mwen, kè m sere! 17Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M pa gen fòs ankò, m pèdi souf mwen.
18Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m refè. 19Epi #Jij 6.23; Rev 1.17; Da 9.23 li di m:
— Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouray ou!
Lè li di m sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li:
— Mèt, ou fè m vin gen fòs. Di m sa ou gen pou di m lan non!
20#Da 8.21; 10.13 sa a, li di m:
— Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Kounyeya, mwen gen pou m al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt. 21Pa #Da 12.1,4 gen lòt moun pou vin ede m pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.

Currently Selected:

Danyèl 10: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in