YouVersion Logo
Search Icon

Kolosyen 4:1-6

Kolosyen 4:1-6 HAT98

Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la. Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi. Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m okazyon pou m fè konnen pawòl li a, pou m fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon kounyeya. Lapriyè pou m ka rive fè lèzòm wè l aklè, pou m ka pale jan mwen dwe pale a. Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase. Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.