YouVersion Logo
Search Icon

Travay 23

23
1Pòl fikse je l sou manm Gran Konsèy yo, #Tra 22.1; 24.16 li di:
— Frè m yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a.
2Ananyas, #Jan 18.22,23 granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l yon souflèt. 3#Mat 23.27; Eze 13.10-15; Lev 19.15 sa a, Pòl di li:
— Ou pòtre yon miray blanchi! Se Bondye ki va frape ou. Paske ou swadizan chita sou lalwa pou jije mwen, epi se ou menm ankò k'ap vyole lalwa, lè ou bay lòd leve men sou mwen an.
4Moun ki te toupre Pòl yo di li:
— Apa w'ap joure granprèt Bondye a?
5Pòl #Egz 22.28 reponn:
— Eskize m, frè m. Mwen pat konnen se granprèt mesye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal.
6Pòl #Tra 4.2; 22.3; 26.5 konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di:
— Frè m yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m an jijman devan nou.
7Lè l di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo. Asanble a fè de kan. 8(Sadiseyen #Mat 22.23 yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.) 9Moun #Tra 25.25; 5.39 yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di:
— Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li.
10Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pat dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l tounen nan kazèn lan.
11Jou #Tra 18.9; 19.21; 28.16,23 lannwit sa a, Pòl wè Senyè a ki di li:
— Kouray! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm.
Jwif yo fè konplo pou touye Pòl
12Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl. 13Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a. 14Y'al #Jan 16.2,3 jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo:
— Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl. 15Kounyeya, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n touye l anvan l gentan rive isit.
16Men, pitit gason sè Pòl la pran nouvèl konplo a. L'al nan kazèn lan, li antre, li avèti Pòl. 17Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li:
— Mennen jenn gason sa a bò kote kòmandan an: li gen kichòy pou l di li.
18Ofisye a pran jenn gason an avè l, li mennen l bay kòmandan an, li di:
— Prizonye yo rele Pòl la rele m, li mande m pou mennen jenn gason sa a ba ou. Li bezwen di ou kichòy.
19Kòmandan an pran men jenn gason an, li mennen l sou kote, li mande li:
— Kisa ou gen pou di mwen?
20Li reponn:
— Jwif yo ranje yon konplo. Y'ap mande ou mennen Pòl denmen devan Gran Konsèy la. Y'ap di ou yo ta renmen egzaminen ka mesye pi byen. 21Pa koute yo. Gen karant moun pou pi piti ki pare pou yo pran li. Yo sèmante sou lavi yo, yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye li. Kounyeya yo fin pare nèt, se repons ou ase y'ap tann.
22Kòmandan an di l konsa:
— Pa kite pèsonn konnen ou te vin di m sa.
Epi li voye jenn gason an al fè wout li.
Lizyas voye Pòl bay gouvènè Feliks
23Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye l yo, li di yo:
— Sanble desan sòlda, swasanndis kavalye ak desan zòm ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou n pati pou Sezare aswè a, vè nevè. 24Pare yon chwal pou Pòl tou. Mennen l ale bay gouvènè Feliks an byen, san okenn danje, san okenn malè.
25Epi li ekri lèt sa a:
26— Klòd #Lik 1.3 Lizyas voye bonjou ak tout respe l pou chèf li, gouvènè Feliks. 27Jwif #Tra 21.33; 22.25 yo te mete men sou nonm sa a, yo ta pral touye l lè m vin konnen se yon sitwayen women li ye. Lè sa a, mwen rive avèk sòlda m yo, mwen delivre li. 28Mwen #Tra 22.30 mennen l devan Gran Konsèy jwif yo, paske mwen te vle konnen kisa jwif yo t'ap di sou li konsa. 29Mwen #Tra 6.9; 18.14,15 wè li pat fè anyen ki pou ta fè yo touye l ni pou yo mete l nan prizon. Yo t'ap akize l dèske li fè yon bann bagay ki gen rapò ak Lalwa yo a. 30Lè m #Tra 24.8 vin konnen jwif yo t'ap fè konplo pou touye l, mwen pran desizyon voye l ba ou. Epi mwen mande moun ki t'ap akize l yo pou yo vin pote plent pou li devan ou.
31Sòlda yo fè tou sa Lizyas te ba yo lòd fè: yo pran Pòl, yo mennen li jouk Antipatris lannwit la menm. 32Nan denmen, sòlda ki t'ap mache apye yo tounen nan kazèn lan, yo kite kavalye yo fè rès vwayaj la avèk Pòl. 33Rive yo rive Sezare, kavalye yo renmèt gouvènè a lèt la, epi yo renmèt Pòl nan men li. 34Gouvènè a #Tra 22.3 li lèt la, li mande Pòl moun ki pwovens li ye. Lè l vin konnen se moun Silisi li ye, li di li:
35— Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di.
Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la.

Currently Selected:

Travay 23: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in