YouVersion Logo
Search Icon

Travay 17

17
Pòl ak Silas lavil Tesalonik
1Yo pase lavil Anfipolis ak lavil Apoloni, yo rive lavil #1 Tes 2.2 Tesalonik kote jwif yo te gen yon sinagòg. 2Jan li te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Li pale ak jwif yo sou sa ki ekri nan Liv yo pandan twa samdi yonn dèyè lòt. 3Li #Lik 24.26,27,45,46 t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l soufri, li te gen pou l te leve sòti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo:
— Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la.
4Te genyen nan jwif yo ki te kwè, yo pran mache ansanm ak Pòl ak Silas. Se konsa yon bann moun peyi Lagrès ki te konvèti nan relijyon jwif yo ansanm ak anpil gran medam te kwè tou. 5Men, jwif yo t'ap fè jalouzi anpil. Yo pran kèk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fè dezòd nan tout lavil la. 6Yo #Tra 16.20 rive devan kay Jazon, yo antre al chache Pòl ak Silas pou mennen yo devan pèp la. Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ansanm ak kèk frè devan chèf yo ki nan lavil la. Yo pran pale byen fò, yo t'ap di:
— Mesye sa yo ap mache fè dezòd toupatou. Men, kounyeya yo rive jouk isit la. 7Jazon #Lik 23.2; Jan 19.12; Wòm 16.21 menm resevwa mesye yo lakay li. Mesye sa yo ap aji kont lalwa Seza: y'ap di gen yon lòt wa yo rele Jezi.
8Jwif yo te mete foul moun yo ansanm ak chèf yo ankòlè anpil avèk pawòl sa a. 9Jazon ak lòt frè yo te blije fè yon depo lajan pou chèf yo te ka lage yo.
Pòl ak Silas lavil Bere
10Lè solèy fin kouche, frè yo fè Pòl ak Silas pati pou lavil Bere. Lè yo rive la, y'al nan sinagòg jwif yo. 11Jwif #Jan 5.39 Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre. 12Anpil ladan yo te kwè. Konsa, anpil gran medam ak anpil gason nan moun peyi Lagrès yo te kwè. 13Men, #1 Tes 2.14 lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo konmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo. 14#Tra 16.1 frè yo wè sa, yo fè Pòl pati ale jouk bò lanmè a. Men, Silas ak Timote te rete Bere. 15Moun ki t'ap kondi Pòl yo mennen l jouk lavil Atèn. Apre sa, yo tounen Bere. Pòl menm te voye lòd bay Silas ak Timote pou yo te vin jwenn li touswit.
Pòl lavil Atèn
16Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l anpil lè l wè ki jan lavil la te plen zidòl. 17Li t'ap diskite nan sinagòg la avèk jwif yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Apre sa, chak jou li t'ap diskite tou sou plas piblik la avèk tout moun li te kontre la. 18Kèk #1 Kor 4.12 filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di:
— Kisa paladò sa a vle di la a?
Gen lòt moun ki t'ap di:
— Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye.
Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò. 19Lè sa a, yo pran li, yo mennen li nan Ayewopaj la. Epi yo di li:
— Nou ta renmen konnen tout bagay nouvo sa yo w'ap moutre moun yo la a. 20W'ap di yon bann bagay dwòl nan zòrèy nou. Nou ta renmen konnen sa yo vle di.
21(Se te abitid tout moun lavil Atèn ak tout moun lòt nasyon ki rete nan lavil la, pou yo pase tout tan yo ap pale osinon ap koute tout kalite pawòl ki fenk parèt.) 22Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Ayewopaj la, li di:
— Nou menm moun Atèn, mwen konstate tout jan kouman nou fanatik relijyon anpil anpil. 23Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan vil nou an, mwen wè tout kote nou adore. Epi nan gade konsa, je m' tonbe sou yon lotèl ki ekri konsa: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen li an, se li menm m'ap fè nou konnen jodi a. 24Bondye #1 Wa 8.27; Eza 42.5; Mat 11.25; Tra 7.48 ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l, se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo. 25Li #Sòm 50.12 pa bezwen pou moun travay ba l anyen nonplis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay. 26Se #Det 32.8 li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout sòti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. 27Li #Eza 55.6 fè tou sa pou yo ka chache l, pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. 28Paske, #Sòm 145.18; Jer 23.23
se nan li nou gen lavi,
se nan li kò nou jwenn mouvman,
se nan li nou gen egzistans.
— Gen nan powèt nou yo ki di menm bagay la tou:
Nou menm tou, nou soti nan ras li.
29— Si #Jen 1.27; Eza 40.18; Tra 19.26; 1 Kor 12.2 nou soti nan ras li, nou pa fèt pou panse Bondye se yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch moun travay ak ladrès pou fè pòtre yo imajine. 30Men, #Tra 14.16; 17.23; Lik 24.27 Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. 31Se #Sòm 9.8; 96.13; Tra 10.42; Wòm 10.14 konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l fè nonm sa a leve sòti vivan nan lanmò.
32Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l nan betiz. Gen lòt menm ki t'ap di li:
— N'a tande koze sa a yon lòt jou.
33Se konsa Pòl sòti nan mitan yo. 34Men, atousa, te gen ladan yo ki te dakò pou yo te mache ak Pòl epi ki te kwè. Pami yo te gen Deni, manm Aewopaj la, yon fanm yo te rele Damaris ak kèk lòt ankò.

Currently Selected:

Travay 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in