YouVersion Logo
Search Icon

2 Timote 1:8-12

2 Timote 1:8-12 HAT98

Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Senyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen nonplis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouray Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m pou bòn nouvèl la. Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n ka viv pou li. Li pat fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa sòti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay. Kounyeya, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bòn nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè. Bondye chwazi m pou m anonse bòn nouvèl sa a, li voye m kòm apòt pou m moutre li bay tout moun ki pa jwif. Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l konsève sa l te ban mwen an jouk gran jou a va vini.