YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 3

3
1Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese.
Pitit gason David yo
(1 Kwonik 3.1-4)
2Men #1 Kwo 3.1-4 sis #1 Sam 25.43; 2 Sam 13.1 pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l. 3Dezyèm #1 Sam 25.42; 27.8; 2 Sam 13.1,37,38 lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l. 4Katriyèm #1 Wa 1.5 lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l. Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l. 5Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, yon lòt madanm David te genyen, ki te manman l. Yo tout te fèt antan David te rete lavil Ebwon.
Kont Abnè ak Ichbochèt
6Pandan lagè a t'ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnè te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo. 7Sayil #2 Sam 16.21; 21.8-10; 1 Wa 2.22 te gen yon fanm deyò yo rele Rispa. Se te pitit fi Aja. Abnè te kouche fi a. #3.7: Abnè te kouche fi a: Se vèsyon grèk la ki bay fraz sa a. Nou pa jwenn li nan tèks ebre a. Dapre mès moun sa yo nan tan sa a, Abnè te fè sa paske li te sòti pou l te pran plas chèf la pou li. Yon jou, Ichbochèt rele Abnè epi li di li konsa:
— Poukisa w'al kouche ak yonn nan fanm deyò papa m' yo?
8#1 Sam 17.43 Abnè tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochèt konsa:
— Eske se yon chen k'ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jòdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l yo, ni zanmi l yo. Mwen goumen rèd mare pou m pa kite yo tonbe nan men David. Lèfini, pou kounyeya w'ap fè m repwòch pou yon ti pachat mwen te fè ak fanm sa a! 9Se #Rit 1.17; 1 Sam 15.28; 16.1,12; 25.30; 28.17 pou Senyè a ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre. 10Paske #Jij 20.1 li te fè sèman l'ap wete baton kòmandman an nan fanmi Sayil la pou l mete David wa sou moun Izrayèl yo ak sou moun Jida yo, sòti depi teritwa Dann lan rive teritwa Becheba a.
11Ichbochèt pat ka reponn Abnè anyen sitèlman li te pè l.
Abnè al jwenn David
12Abnè voye kèk mesaje bò kote David pou di li:
— Ki moun ki pral gouvènen peyi sa a? Pase yon kontra avè m. M'ap ede ou pou tout moun Izrayèl yo vin jwenn ou.
13David #Jen 43.3; 1 Sam 14.49 reponn li:
— Dakò. M'ap pase yon kontra avè ou. Men, m'ap mande yon sèl bagay. Piga ou vin wè m san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avè ou. Se sèl jan pou ou parèt devan m.
14Apre #1 Sam 18.25,27 sa, David voye kèk mesaje bò kote Ichbochèt pou di li:
— Renmèt mwen Mikal, madanm mwen. Mwen te bay san po ti kòk moun Filisti pou m te ka marye avè l.
15Ichbochèt #1 Sam 25.44 voye pran Mikal lakay mari li, Paltyèl, pitit gason Layis la. 16Paltyèl pati dèyè l, li t'ap kriye sou tout wout la jouk yo rive lavil Baourim. Men Abnè di Paltyèl konsa:
— Tounen lakay ou non, monchè!
Epi Paltyèl tounen tounen l.
17Abnè al jwenn chèf fanmi moun Izrayèl yo pou fè yon koze ak yo. Li di yo konsa:
— Depi lontan nou te vle se David ki pou te wa nou, pa vre. 18Enben, #2 Sam 3.9,10 men chans nou. Paske men sa Senyè a te di sou David: Mwen pral sèvi ak David, sèvitè m lan, pou m delivre pèp Izrayèl la, pèp mwen an, anba men moun Filisti yo ak anba men tout lòt lènmi l yo.
19Abnè #1 Kwo 12.23,29 pale ak moun branch fanmi Benjamen yo tou. Lèfini, li pati pou Ebwon pou l'al di David sa moun Izrayèl yo ak moun branch fanmi Benjamen yo te tonbe dakò fè. 20Li rive lakay David lavil Ebwon. Li te gen ven lòt gason avè l. David fè yon gwo resèpsyon pou Abnè ak pou ven moun ki te avè l yo. 21Abnè #2 Sam 3.12; 1 Wa 11.37 di David konsa:
— Monwa, mwen prale kounyeya, mwen pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo bò kote ou. Y'a pase yon kontra avè ou. Konsa, w'a ka gouvènen tout peyi a jan ou vle l la.
David bay Abnè pèmisyon pou l ale. Lèfini, Abnè pati ak kè poze.
Joab touye Abnè
22Apre sa, Joab ak patizan David yo vin rive. Yo te sot fè yon pase kay lènmi yo, yo te tounen ak anpil bagay yo te pran lakay yo. Lè sa a, Abnè pat Ebwon ankò lakay David, paske David te gentan kite l ale ak garanti anyen p'ap rive l. 23Lè Joab ak sòlda ki te avè l yo rive, yo di Joab Abnè, pitit Nè a, te vin wè wa a, epi wa a kite l ale ak garanti anyen p'ap rive l. 24Joab al jwenn wa a, li di li:
— Sa ou fè konsa? Abnè vin jwenn ou epi ou kite l ale san ou pa fè l anyen? 25Ou konn ki moun yo rele Abnè, pitit Nè a! Si li vini, se pou l ka woule ou, pou l ka konnen tout vire tounen ou, pou l konnen tou sa w'ap fè.
26Lèfini, Joab sòti kay David, li voye moun al chache Abnè san David pa konnen. Yo jwenn Abnè bò sitèn dlo Sira a, yo fè l tounen. 27#2 Sam 2.22,23; 20.9,10; 1 Wa 2.5,32 Abnè rive Ebwon, Jowab mennen li apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale apa ak li. Epi li ponyade li nan vant. Se konsa Jowab touye Abnè paske Abnè te touye Azayèl frè li a. 28Lè David vin pran nouvèl la, li di:
— Senyè a wè ni mwen ni moun gouvènman yo, nou pa gen anyen pou nou wè nan lanmò Abnè, pitit Nè a. 29Se #Lev 13.45,46; 15.2; 2 Sam 1.16; 1 Wa 2.5,6 pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fè travay fanm, gason k'ap mouri nan lagè, gason k'ap nan grangou.
30Se konsa, Joab ak Abichay, frè l la, te ansasinen Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè yo a, lè batay Gabawon an.
Yo antere Abnè
31Apre #Jen 37.34; 2 Wa 19.1 sa, David bay Jowab ak tout moun ki ak li yo lòd pou yo chanje rad sou yo, mete rad lantèman pou yo mache ap kriye devan sèkèy Abnè. Wa David menm t'ap mache dèyè sèkèy defen an. 32Yo antere Abnè Ebwon.
Apre sa, wa a pran rele byen fò, li t'ap kriye sou tonm Abnè a. Tout pèp la t'ap kriye tou. 33Wa a #2 Sam 1.17 pran chante pou plenn lanmò Abnè. Li di nan chante a:
— Abnè, poukisa ou mouri bèt konsa?
34Men ou yo pat mare,
pye ou yo pat nan chenn.
Ou mouri tankou moun
ki tonbe nan men malfektè!
Tout pèp la pran kriye ankò pou Abnè. 35Apre #2 Sam 1.12; 12.17 sa, pandan tout rès jounen an, yo pote manje bay David pou li manje, men David fè sèman sa a:
— Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen mete anyen nan bouch mwen anvan solèy kouche!
36Tout pèp la vin konn sa. Sa te fè yo plezi. Pou di vre, tou sa David te fè te fè pèp la plezi. 37Se konsa tout moun David yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te vin konnen tout bon vre wa a pat gen anyen pou l te wè nan jan yo te ansasinen Abnè, pitit gason Nè a. 38Wa a di moun k'ap sèvi avè l yo:
— Aa, mesye! Jòdi a pèp Izrayèl la pèdi yon chèf, yon gwo chèf wi! 39Atout #2 Sam 16.10; 19.22; Sòm 28.4; 2 Tim 4.14 se wa Bondye chwazi a mwen ye, mwen santi m fèb jòdi a. Pitit gason Sewouya yo twò mechan pou mwen. Se pou Bondye pini kriminèl sa yo pou mechanste yo fè a.

Currently Selected:

2 Samyèl 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in