YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 16:11-12

2 Samyèl 16:11-12 HAT98

Apre sa, David pale ak Abichayi ansanm ak tout moun pa l yo, li di yo: — Gade! Pwòp pitit gason mwen, san mwen, deyò pou l touye m. Ale wè pou moun sa a ki sòti nan ras Benjamen yo! Kite l ban m madichon, si se Senyè a ki di l ban m madichon. Nou pa janm konnen, Senyè a va wè nan ki mizè mwen ye. Lè sa a, l'a ban m benediksyon nan plas madichon l'ap ban m jòdi a.