YouVersion Logo
Search Icon

2 Pyè 3

3
Senyè a gen pou vini
1Frè m yo, sa fè dezyèm lèt m'ap ekri nou. Nan tou de #2 Pyè 1.13 lèt yo mwen te vle fè nou chonje tout bagay sa yo, pou lespri moun ki dwat yo pa dòmi, pou n te ka gen bon lide nan tèt nou. 2Se #Jid 17 pou n toujou chonje sa pwofèt Bondye yo te di nou depi lontan. Toujou chonje kòmandman Senyè ki delivrans nou an. Se kòmandman sa yo apòt yo te moutre nou. 3Anvan #1 Tim 4.1; Jid 18 tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt k apral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen. 4Y'a #Eza 5.19; Eze 12.22; Mat 24.48 di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa te di li t'ap vini! Depi sou tan zansèt nou yo jouk jodi a, tout bagay rete menm jan an depi latè fin kreye.
5Men #Mat 24.38; Sòm 24.2; Jen 1.2,6,9 moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi syèl la te fèt. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a. Se li ki te fè dlo a, se li ki te fè tè a. 6Se #2 Pyè 2.5; Jen 7.21 li ki te fè dlo a moute kouvri latè nan tan lontan pou l te detwi tout bagay. 7Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la kounyeya ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.
8Men #Sòm 90.4 nou menm, frè m renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou. 9Senyè a #Aba 2.3; 1 Tim 2.4 pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pèsonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.
10Men, #1 Tes 5.2,3; Rev 20.11; Mat 24.29,35 jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l va boule, y'ap tounen sann. #3.10: va boule, y'ap tounen sann: Gen maniskri ki bay va disparèt; gen lòt maniskri ki bay pral vin aklè; gen yonn ki bay pral detwi nèt. 11Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase. 12Konsa, #Eza 34.4; Jid 5 pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife. 13Men #Eza 65.17; 66.22; Rev 21.1,27 nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.
14Se #1 Kor 1.7,8; Jid 24 poutèt sa, frè m yo, pandan n'ap tann bagay sa yo, ann fè sa nou kapab pou Bondye ka jwenn nou ap viv ak kè poze, san okenn fòt, ni okenn defo. 15Konprann #Wòm 2.4; 1 Kor 3.10 sa byen, se pou nou ka sove kifè Senyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou. Se sa menm frè Pòl, bon zanmi nou an, te ekri nou dapre bon konprann Bondye te ba li a. 16Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun inyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo.
17Se #Mak 13.5,9,33 poutèt sa, frè mwen renmen anpil yo, kounyeya nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan. 18Okontrè, #Jid 25 se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, kounyeya ak pou tout tan. Amèn.

Currently Selected:

2 Pyè 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy