YouVersion Logo
Search Icon

2 Wa 5

5
Istwa maladi Naaman
1Naaman, kòmandan lame wa peyi #Lik 4.27 Siri a, te yon nonm wa a te renmen anpil. Li te ba li anpil favè paske se gremesi Naaman Senyè a te fè peyi Siri a genyen nan tout batay li yo. Se te yon vanyan sòlda, men li trape yon move maladi po. 2Yon #2 Wa 6.23 lè yon bann moun peyi Siri te al fè piyay nan peyi Izrayèl la, yo te fè yon tifi moun Izrayèl yo prizonye. Tifi a te rete ak madanm Naaman. 3Yon jou, li di metrès li a:
— Si mèt mwen te ka al wè pwofèt ki nan peyi Samari a, pwofèt la ta ka geri maladi a wi.
4Lè Naaman tande sa, l'al jwenn wa a, li di l sa tifi a te di. 5Wa #Jij 14.12; 1 Sam 9.7; 2 Wa 5.22,23; 8.8,9 Siri a reponn:
— Bon, ou pral jwenn wa peyi Izrayèl la, m'ap ba ou yon lèt pou li.
Se konsa Naaman pati. Li te pote trantmil (30.000) pyès ajan, simil (6.000) pyès lò ak dis rad nèf fèt ak bon twal fen. 6Li renmèt lèt la bay wa peyi Izrayèl la. Men sa ki te ekri nan lèt la: Mwen voye Naaman, yonn nan chèf mwen yo, avèk lèt sa a pou ou ka geri maladi po l la. 7#Jen 30.2; 44.13; Det 32.39; 1 Wa 20.7 wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon sèl kè sere ki fè li chire rad sou li, epi li di:
— Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun malad pou m'geri? Nou tou wè se chache l'ap chache mwen kont.
8#Eze 2.5 pwofèt Elize vin konnen jan wa a te nan tèt chaje pou lèt la, li voye di l:
— Poukisa ou gen kè sere konsa? Voye moun lan ban mwen, m'a fè l konnen gen yon pwofèt nan peyi Izrayèl la.
9Se konsa Naaman ale ak cha li a ansanm ak chwal li yo. Li rete devan pòt kay Elize a. 10Men #Jan 9.7 Elize voye yon mesaje di li:
— Ale plonje ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, epi maladi a va disparèt sou kò ou. W'a geri.
11Naaman fache, li vire do l ale. Li di:
— Mwen te kwè li t'ap sòti vin resevwa m. Apre sa, li ta lapriyè Senyè a, Bondye l la. Li ta pase men l kote ki malad la, konsa mwen ta geri. 12Lèfini, eske dlo larivyè Abana ak larivyè Fafa nan peyi Damas yo pa pi bon pase nenpòt dlo larivyè nan peyi Izrayèl yo? Mwen ta ka benyen ladan yo tou, mwen ta geri.
Li vire do l ale byen move. 13Men domestik li yo al jwenn li epi yo di li:
— Mèt! Si pwofèt la te mande ou yon bagay difisil, eske ou pa ta fè li? Poukisa ou pa al lage kò ou nan dlo a koulyeya pou ka geri jan li di ou la?
14Naaman #Jòb 33.25; Lik 4.27 ale, li plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an, jan pwofèt la te di l la. Po kò l tounen tankou po timoun. Li te geri nèt. 15#Da 2.47; 6.26,27; Lik 17.15 sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l yo. Li kanpe devan l, li di l konsa:
— Kounyeya, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.
16Men #Jen 14.23 Elize di l:
— Mwen pran Senyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa okenn kado.
Naaman t'ap fòse l pou l pran kado a, men Elize derefize. 17#Egz 20.24 sa a, Naaman di:
— Dakò, ou pa vle. Men tanpri, ban m ti gout tè pou m chaje sou de milèt pote ale avè m. #5.17: ban m ti gout tè pou m…pote ale avè m: Dapre kwayans moun sa yo, si ou te vle sèvi bondye yon peyi nan yon lòt peyi, se pou ou te pran ti gout tè nan premye peyi a pote l ale nan lòt peyi a. Konsa, chak fwa ou vle fè sèvis pou bondye a ou moute kanpe sou tè ou pran nan peyi l la. Paske mwen menm ki la pou sèvi ou la, depi jòdi a mwen p'ap fè ofrann, mwen p'ap boule bèt pou okenn lòt bondye pase pou Senyè a. 18Tansèlman, #2 Wa 7.2,17 m'ap mande Senyè a pou li padonnen davans kèk jès m'ap fè. Paske lè chèf mwen pral fè sèvis nan tanp Rimon an, se sou bra mwen pou l'apiye. Mwen fèt pou mwen bese tèt ansanm ak li nan tanp lan. Se pou Senyè a padonnen mwen davans.
19Elize reponn li:
— Ale ak kè poze!
Naaman pati. Lè li rive yon distans, 20Gerazi, #2 Wa 4.12 domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l:
— Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l te pote pou li a. Mwen pran Senyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l pou m pran kichòy nan men l.
21Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l'al jwenn li, li mande l:
— Ki malè ki rive?
22Gerazi #2 Wa 5.5 reponn li:
— Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m di ou konsa gen de jenn pwofèt ki sòti nan mòn Efrayim yo ki fenk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (300) pyès ajan ak de rad nèf pou l ba yo.
23Naaman reponn:
— Tanpri, pran sisan (600) pyès ajan.
Li fòse l pran yo, li mare pyès ajan yo nan de ti sak, li lonje yo bay de nan domestik pa l yo ansanm ak de bèl rechanj pou yo pote yo devan Gerazi. 24Lè yo rive sou ti mòn lan, Gerazi pran de ti sak yo nan men domestik yo, li mete yo lakay li, lèfini, li voye domestik Naaman yo ale fè wout yo. 25Apre sa, l'ale jwenn mèt li. Elize mande l:
— Gerazi, kote ou sòti?
Gerazi reponn:
— M pa te al okenn kote non, mèt!
26Elize di li:
— Bonnanj mwen te la avèk ou, lè nonm lan desann soti sou cha li pou resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou nou achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav. 27Se #Nonb 12.10 poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan.
Lè Gerazi sòti, li te gen maladi po a. Po kò l te blan kou koton.

Currently Selected:

2 Wa 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in