YouVersion Logo
Search Icon

2 Wa 15

15
Azarya, wa peyi Jida
(2 Kwonik 26.3-5,16-23)
1Wa Jewoboram te gen vennsetan #2 Wa 14.17,21; 15.13,30,32,34; 2 Kwo 26.1; Mat 1.8 depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Azarya, pitit Amasya, moute wa nan peyi Jida. 2Li #2 Kwo 26.3,4 te gen sèzan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm. 3Li te fè sa ki dwat devan Senyè a, menm jan ak Amasya, papa l. 4Tansèlman, #2 Wa 14.4; 15.35 li pat kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. 5Senyè a #2 Kwo 26.21-23 pini #Lev 13.46; 2 Wa 15.32 wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pat kite l gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.
6Tout rès istwa Azarya a ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 7Lè Azarya mouri, yo antere l menm kote ak zansèt li yo nan lavil David la. Se Jotam, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.
Zakari, wa peyi Izrayèl
8Wa Azarya te gen tranntwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Zakari, pitit Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan sis mwa. 9Men #1 Wa 14.16 li fè sa ki mal nan je Senyè a tankou zansèt li yo. Li te lage kò l nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li te lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
10Chaloum, #Am 7.9 pitit Jabès, moute yon konplo sou do Zakari. Li atake l lavil Jibleyam, #15.10: lavil Jibleyam: Nan tèks ebre a nou jwenn devan tout pèp la. li ansasinen l. Apre sa, li moute wa nan plas li.
11Tout rès istwa Zakari a ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 12Se #2 Wa 10.30 konsa pawòl Senyè a te di Jeou a rive vre. Li te di l: Pitit ou yo ap chita sou fòtèy wa peyi Izrayèl la jouk sou kat jenerasyon apre ou.
Chaloum, wa peyi Izrayèl
13Wa #2 Wa 15.1 Azarya te gen trannevan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Chaloum, pitit Jabès, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan yon mwa. 14Menayèm, pitit gason Gadi, sòti lavil Tiza, li moute lavil Samari, l'al atake Chaloum. Li touye l, lèfini li moute wa nan plas li.
15Tout rès istwa Chaloum lan ak konplo li te moute sou do Zakari a, tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
16Apre #2 Wa 8.12; Oze 13.16 sa, Menayèm sòti lavil Tiza, li atake lavil Tifsak, li touye dènye moun ki te rete ladan l ak nan tout vwazinay lavil la. Li menm rive louvri vant tout fanm ansent yo. Li te fè sa paske yo pat louvri pòtay lavil la ba li.
Menayèm, wa peyi Izrayèl
17Wa Azarya t'ap mache sou tranteyennan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Menayèm, pitit Gadi, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dizan. 18Men, li fè sa ki mal nan je Senyè a. Jouk jou li mouri a, li lage kò l nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 19Poul, #15.19: Poul: Se yon lòt non yo te bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a. Wè 1 Kwonik 5.26. #1 Kwo 5.26 wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil (3.000) kilo ajan pou Poul te ka ede l chita pouvwa li nan peyi a. 20Pou Menayèm te ka peye kantite lajan sa a bay wa Lasiri a, li pase lòd nan peyi a pou chak moun rich nan peyi Izrayèl la bay yon demi kilo ajan yo chak. Apre sa, wa peyi Lasiri a tounen lakay li, li pa rete pi lontan nan peyi Izrayèl.
21Tout rès istwa Menayèm lan ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 22Lè li mouri, se Pekaya, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Pekaya, wa peyi Izrayèl
23Wa Azarya t'ap mache sou senkantan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Pekaya, pitit Menayèm, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dezan. 24Men, #1 Wa 14.16 li fè sa ki mal nan je Senyè a. Li te lage kò l nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 25#15.25: Dapre tèks ebre a se pa te wa peyi Edon an men se Rezin, wa peyi Siri a, ki te fè sa. Nan tèks ebre a gen de lòt mo nan vèsè sa a ki ta vle di ansanm ak Agòg ak Ariyè. Men, yonn nan òdonans li yo, Peka, pitit gason Remalya, moute yon konplo sou do li. Li pran senkant gason nan lavil Galarad, l'al atake gwo fò ki nan palè wa a lavil Samari, li touye l. Lèfini, li moute wa nan plas li.
26Tout rès istwa Pekaya a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
Peka, wa peyi Izrayèl
27Wa Azarya t'ap mache sou senkanndezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Peka, pitit Remalya, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan ventan. 28Li fè sa ki mal nan je Senyè a. Li te lage kò l nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
29Se #1 Wa 15.20; 2 Wa 16.7; 1 Kwo 5.6,26 sou reny Peka, Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl-bèt-Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. 30#2 Wa 17.1 sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l, li touye l. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t'ap gouvènen peyi Jida.
31Tout rès istwa Peka a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
Jotam, wa peyi Jida
(2 Kwonik 27.1-9)
32Wa #Mat 1.9 Peka, pitit Remalya, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Jotam, pitit Ozyas, moute wa nan peyi Jida. 33Li #2 Kwo 27.1,2 te #2 Wa 15.30 gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk. 34Li te mache dwat devan Senyè a, li te fè menm jan ak Ozyas, papa l. 35Tansèlman, #2 Wa 12.3; 2 Kwo 27.3 li pat kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. Se Jotam ki te bati gwo pòtay ki nan Tanp Senyè a.
36Tout rès istwa Jotam ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 37Se #2 Wa 16.5; Eza 7.1 sou reny li Senyè a te voye Rezin, wa peyi Siri, ak Peka, pitit Remalya a, vin atake peyi Jida yonn apre lòt. 38#2 Kwo 27.9 Jotam mouri, yo antere l menm kote ak zansèt li yo nan lavil David, zansèt li a. Se Akaz, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.

Currently Selected:

2 Wa 15: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in