YouVersion Logo
Search Icon

2 Korent 9:8-11

2 Korent 9:8-11 HAT98

Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè. L'ap toujou gen kè nan men. Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l simen ak pen pou l manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo.

Video for 2 Korent 9:8-11