YouVersion Logo
Search Icon

2 Korent 7:10-11

2 Korent 7:10-11 HAT98

Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l la, sa chanje kè li pou l ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n regrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l la, se touye l'ap touye nou. Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l la. Kounyeya, gade sa l fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitirasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou sòti pou defann tèt nou? Gade jan n te fache! Gade jan n te pè! Gade jan nou anvi wè m ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese pini moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pat koupab nan tout bagay sa yo.

Video for 2 Korent 7:10-11