YouVersion Logo
Search Icon

2 Korent 5:6-10

2 Korent 5:6-10 HAT98

Se pou sa, nou toujou gen gwo kouray. Nou konnen toutotan nou nan kò sa a nou lwen Senyè a toujou. Si n'ap mache, nou p'ap mache dapre sa nou wè, men dapre sa nou kwè. Wi, nou kwè sa, nou ta pito demenaje kite kò sa a pou n'al rete bò kote Senyè a. Men, anvan tout bagay, nou vle fè Senyè a plezi, kit nou nan kò sa a, kit nou kite li. Paske, nou tout, nou gen pou nou parèt aklè devan tribinal Kris la. Lè sa a, chak moun va resevwa dapre sa li te fè antan li te nan kò sa a.

Video for 2 Korent 5:6-10