YouVersion Logo
Search Icon

2 Korent 5:16-20

2 Korent 5:16-20 HAT98

Se poutèt sa, depi kounyeya, mwen pa konsidere pèsonn sou laparans, tankou lèzòm fè l la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l la, kounyeya mwen pa konnen l nan jan sa a ankò. Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò. Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò. Se sa k fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m, tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò.