YouVersion Logo
Search Icon

2 Korent 1

1
Salitasyon
1Mwen menm Pòl, yon moun Bondye #1 Kor 1.1 te deside rele pou sèvi li apot Jezikri, m'ap ekri nou, mwen menm ak Timote, nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan peyi Lakayi. 2Nou #Wòm 1.7 mande Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Pòl ap di Bondye mèsi
3Ann #Wòm 15.5; Ef 1.3; 1 Pyè 1.3 fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. 4Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an. 5Menm #Sòm 34.19; 94.19 jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman. 6Si #2 Kor 4.15,17 mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouray pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a. 7Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an.
8Mwen #Tra 19.23; 1 Kor 15.32 ta renmen, frè m yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rèd nèt. Mwen pat kapab sipòte ankò. Mwen te menm kwè mwen pa t'ap sòti vivan. 9Mwen te santi jou lanmò nou te rive. Tou sa te pase, pou nou te aprann pa konte sou pwòp fòs nou, men pou konfyans nou te chita sou Bondye ki gen pouvwa resisite moun mouri. 10Se #2 Tim 4.18 li menm ki delivre m anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen, 11depi nou menm moun Korent nou ban m ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, l'a ban mwen benediksyon l, anpil moun va di l mèsi pou mwen.
Pòl chanje plan vwayaj li
12Men #2 Kor 2.17; Eb 13.18; 1 Kor 1.17 rezon ki fè m kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m anyen pou jan m te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, #1.12: ak kè ouvè: Gen maniskri ki bay jan Bondye vle l la. san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pat bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen. 13Nan tout lèt mwen ekri, mwen pa janm di lòt bagay pase sa nou ka li ak sa nou ka konprann. Mwen gen espwa nou ka rive konprann nèt 14sa #2 Kor 5.12; Fil 2.16 nou poko fin konprann kounyeya: konsa, lè jou Senyè Jezi a va rive, nou ka kontan m anpil, menm jan mwen menm m'a kontan nou tou.
15Mwen te sitèlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te konmanse fè lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon Bondye a de fwa. 16Men #1 Kor 16.5,6 wi, mwen te fè lide pase lakay nou sou wout mwen lè mwen ta prale Masedouàn, epi pou nou te resevwa m ankò lè m'ap tounen sòti la. Nou ta ka ede m lè sa a kontinye vwayaj mwen pou peyi Jide. 17Lè m te #2 Kor 5.16 fè lide sa a, eske mwen te twò prese? Lè m'ap pran yon desizyon, eske se avantaj pa m m'ap chache tankou tout moun kifè m ta gen de pawòl? 18Mwen pran Bondye ki gen yon sèl pawòl la pou temwen, pwomès mwen te fè nou an, se pat yon wi ak yon non anmenmtan. 19Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pat anonse nou Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawòl. Okontrè, se wi ase Jezikri di pou Bondye. 20Paske #Rev 3.14 se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye. 21Se #1 Jan 2.27 Bondye menm ki kenbe m fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li, 22li #2 Kor 5.5; Wòm 8.16; Ef 1.13,14 menm ki mete letanp li nan kè nou, Sentespri a, kou yon garanti sou tout sa li sere pou nou.
23Mwen #2 Kor 11.31; Wòm 1.9 pran Bondye pou temwen sou lavi m: se pou m te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent. 24Mwen #1 Pyè 5.3 p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.

Currently Selected:

2 Korent 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in