YouVersion Logo
Search Icon

2 Kwonik 33

33
Manase, wa peyi Jida
(2 Wa 21.1-9)
1Manase te gen douzan lè li moute #2 Wa 21.1-9 wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. 2Li #2 Kwo 28.3 fè sa ki mal devan Senyè a, dapre vye prensip kriminèl lòt nasyon Senyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo. 3Li #Det 16.21; 17.3; 2 Kwo 30.14; 31.1 rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l, te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo. 4Li #2 Kwo 6.6 menm rive bati lotèl pou zidòl nan Tanp Senyè a menm, kote Senyè a te di se la l'ap rete nan lavil Jerizalèm pou toutan. 5Li #2 Kwo 4.9 fè bati lotèl nan de lakou Tanp Senyè a pou tout zetwal ki nan syèl la. 6Li #Det 18.10,11; 2 Kwo 28.3 ofri pitit gason l pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l nan li nyaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Senyè a pou l te fè Senyè a move jouk li pa kapab ankò.
7Li fè fè yon estati zidòl mete nan Tanp Senyè a, atout Senyè a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen. 8Depi #2 Sam 7.10 moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te vle bay zansèt yo a. 9Men, Manase te lakòz pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo pèdi tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Senyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. 10Senyè a #2 Wa 21.10-15 te pale ak Manase ansanm ak pèp li a, men yo derefize koute l.
Manse rekonèt peche l yo
(2 Wa 21.10-16)
11#Det 28.36; 2 Wa 20.17,18; 2 Kwo 36.6; Eze 19.9 sa a, Senyè a voye chèf lame wa asiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase. Yo pase kwòk nan kou li epi yo mare li ak de gwo chenn kwiv. Yo mennen li Babilòn. 12Manase #2 Kwo 32.26; Lik 15.16-18 te nan gwo lafliksyon, li rele Senyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Senyè a, Bondye zansèt li yo. 13Li #2 Kwo 6.36-39 lapriyè Bondye, Bondye tande lapriyè l la, li ba li sa l te mande a. Li fè l tounen lavil Jerizalèm pou l'al pran plas li ankò. Se konsa Manase vin konprann se Senyè a ki Bondye vre.
14Apre #2 Kwo 27.3 sa Manase bati yon miray byen wo sou deyò lavil David la, sou bò solèy kouche, bò sous Giyon an. Miray la pran depi nan ravin lan, li pase bò Pòtay Pwason yo, li fè wonn Ofèl la. Manase mete yon kòmandan nan tout lavil peyi Jida yo ki gen gwo ranpa. 15Li wete tout estati zidòl lòt nasyon yo ak gwo estati ki te nan Tanp lan. Li kraze tout lotèl yo te bati sou mòn kote Tanp Senyè a te ye a ak nan lavil Jerizalèm. Li pran tout bagay sa yo, li voye yo jete an deyò lavil la. 16Li fè repare lotèl Senyè a, li fè ofrann pou mande Bondye padon ak pou di l mèsi. Li mande pou tout moun nan peyi Jida a sèvi Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 17Pèp #2 Kwo 32.12 la te toujou ap ofri bèt pou yo touye lòt kote, men se te toujou pou Senyè a, Bondye yo a, ase.
Lanmò Manase
(2 Wa 21.17-18)
18Tout #2 Wa 21.17 rès istwa Manase a, lapriyè li te fè nan pye Bondye li a, mesay pwofèt yo te ba li nan non Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, tou sa ekri nan Liv Istwa wa pèp Izrayèl yo. 19Lapriyè #2 Kwo 33.3 wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a. 20#2 Wa 21.18 Manase mouri, yo antere l nan jaden palè a. #33.20: nan jaden palè a: Dapre 2 Wa 21.18, men tèks ebre a bay nan palè a. Se Amon, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.
Amon, wa peyi Jida
(2 Wa 21.19-26)
21Amon #2 Wa 21.19-24 te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan dezan. 22Tankou #2 Kwo 33.7 Manase, papa l, li fè sa ki mal devan Senyè a. Li ofri bèt pou yo touye, li fè sèvis pou tout zidòl papa l te fè fè yo. 23Men, li pat rekonèt peche l yo devan Senyè a, tankou Manase, papa l, te fè l la. Li menm rive fè pi mal pase papa l toujou.
24Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l anndan palè a. 25Moun peyi Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo. Yo mete Jozyas, pitit gason Amon an, wa nan plas li.

Currently Selected:

2 Kwonik 33: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in