YouVersion Logo
Search Icon

2 Kwonik 29

29
Ezekyas, wa peyi Jida
(2 Wa 18.1-3)
1Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute #2 Wa 18.1-3 wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l te rele Abija. Se te pitit fi Zakari. 2Ezekyas te fè sa ki dwat devan Senyè a tankou David, zansèt li a, te fè l.
Ezekyas louvri Tanp lan
3Ezekyas #2 Kwo 28.24 te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Senyè a. Li fè repare yo. 4Lèfini, li fè chache tout prèt yo ak moun Levi yo, li reyini yo sou lakou ki bay sou bò solèy leve nan Tanp lan. 5Li #1 Kwo 15.12; 2 Kwo 29.15,34; 35.6; Esd 6.20 di yo:
— Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Senyè a. Mete Tanp Senyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. 6Zansèt #Jer 2.27; Eze 8.16 nou yo pat kenbe pawòl yo ak Bondye. Yo te fè sa ki mal devan Senyè a, Bondye nou an, yo vire do ba li. Yo pat okipe Tanp kote Senyè a rete a ankò. Yo pa gade l menm! 7Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la. 8Se #Det 28.25; Jer 29.18 poutèt sa Senyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t'ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l nou menm ak pwòp je nou tou. 9Yo #2 Kwo 28.5,6,8,17 touye papa nou yo nan lagè. Yo fè madanm ak pitit nou yo prizonye. 10Se #2 Kwo 15.12 konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m pase yon kontra ak Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò. 11Kounyeya, pitit #Nonb 3.6; 8.14; 18.2,6 mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Senyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l, pou sèvi l, pou fè travay li, pou boule lansan pou li.
12Men #Nonb 3.17 moun Levi ki vin pote tèt yo an premye:
Nan branch fanmi Keyat la, se te Makat, pitit Amasayi ak Jowèl, pitit Azarya.
Nan branch fanmi Merari a, se te Kich, pitit Abdi ak Azarya, pitit Jealelèl.
Nan branch fanmi Gèchon an, se te Joak, pitit Zimna ak Edèn, pitit Joak.
13Nan #1 Kwo 6.39; 15.8 branch fanmi Elizafan an, se te Chimri ak Jeiyèl.
Nan branch fanmi Asaf la, se te Zekaraja ak Matanya.
14Nan #1 Kwo 6.33; 9.16; 2 Kwo 15.16 branch fanmi Eyman an, se te Jeiyèl ak Chimeyi.
Nan branch fanmi Jedoutoun lan, se te Chemaja ak Ouziyèl.
15Mesye sa yo reyini tout fanmi yo, yo fè sèvis pou yo ka nan kondisyon sèvi Bondye. Lèfini, yo antre nan Tanp lan pou mete l nan kondisyon sèvi Bondye, jan wa a te ba yo lòd la, dapre sa ki nan lalwa Senyè a. 16Prèt yo antre anndan Tanp lan pou mete l nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo pran tout vye bagay yo jwenn ladan l, yo pote yo deyò nan lakou Tanp lan. Moun Levi yo menm ranmase yo nan lakou a, y'al jete yo nan ravin Sedwon an. 17Yo konmanse travay la premye jou premye mwa a. Sou wit jou, yo te rive anndan kote ki apa pou Bondye nan Tanp lan. Yo travay pandan wit jou ankò. Sou sèzyèm jou mwa a yo te fini nèt ak travay pou mete Tanp lan nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye ankò.
Sèvis konsekrasyon Tanp lan
18#2 Kwo 4.1,19 yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l:
— Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Senyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l yo, tab pou pen yo mete apa pou Senyè a ak tout batri pa l yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. 19Nou #2 Kwo 28.24 pran tout veso wa Akaz te detounen yo pandan tout tan li te vire do bay Bondye a, nou repare yo, nou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Kounyeya, yo tout devan lotèl Senyè a.
20Nan denmen maten, byen bonè, wa Ezekyas leve, li reyini tout chèf lavil la, li moute ak yo nan Tanp Senyè a. 21Yo #Lev 4.14 mennen sèt ti towo, sèt belye mouton, sèt ti mouton, sèt bouk kabrit, yo ofri yo pou peye pou sa fanmi wa a ak tout moun pèp Jida yo te fè ki mal ak pou sa moun te fè ki mal nan Tanp lan. Wa a mande prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou yo touye bèt yo sou lotèl Senyè a. 22Prèt #Lev 8.15; Eb 9.21 yo touye towo yo anvan, yo ranmase tout san an nan yon veso, y'al vide l sou lotèl la. Apre sa, yo touye belye mouton yo, y'al vide san yo sou lotèl la. Apre sa ankò, yo touye ti mouton yo, y'al vide san yo sou lotèl la tou. 23#Lev 4.15 yo fini, yo mennen bouk kabrit yo te ofri pou peche yo devan wa a ansanm ak lòt moun ki te la yo pou yo mete men yo sou tèt bèt yo. 24#Lev 4.26 yo fin fè sa, prèt yo touye bouk kabrit yo, yo vide san yo sou lotèl la tankou yon ofrann pou peche yo. Yo ofri yo bay Bondye pou mande padon pou peche tout pèp Izrayèl la, paske wa a te bay lòd pou yo te boule ofrann lan pou tout pèp Izrayèl la.
25Wa #1 Sam 22.5; 2 Sam 12.1; 1 Kwo 15.16; 25.6; 2 Kwo 8.14 Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Senyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Senyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo. 26Moun #1 Kwo 15.24; 23.5; Am 6.5 Levi yo al nan plas yo ak enstriman mizik David yo. Prèt yo te la tou ak twonpèt yo. 27Ezekyas bay lòd pou yo boule ofrann yo nèt sou lotèl la. Lè yo konmanse seremoni an, pèp la pran chante pou Senyè a, yo t'ap kònen twonpèt anmenmtan yo t'ap jwe lòt enstriman mizik David, wa peyi Izrayèl la. 28Tout moun ki te la yo mete ajenou, mizisyen yo t'ap chante, yo t'ap kònen twonpèt pandan tout seremoni boule a. 29Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye. 30Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Senyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Senyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.
31#Egz 35.5,22 sa a, Ezekyas di pèp la:
— Kounyeya nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Senyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi.
Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l. 32Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan (200) ti mouton pou yo te boule nèt pou Senyè a. 33Konsa tou, yo ofri sisan (600) towo, twamil (3.000) mouton pou yo touye pou Bondye. 34Men #Lev 1.5,6; 2 Kwo 29.5; 30.3; 35.11 prèt yo pat anpil, yo pat ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo. 35Lèfini, #Lev 3.1,16; Nonb 15.5,7,10 san konte tout bèt yo te touye pou boule nèt pou Senyè a, prèt yo te gen pou ofri bay Bondye grès lòt bèt yo te touye pou mande Bondye padon ak ofrann diven ki mache ak bèt yo boule nèt pou Senyè a.
Se konsa yo konmanse ankò ap fè sèvis pou Bondye nan Tanp lan. 36Wa Ezekyas ak tout pèp la te kontan dèske Bondye te penmèt yo fè tou sa san pèdi twòp tan.

Currently Selected:

2 Kwonik 29: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in