YouVersion Logo
Search Icon

2 Kwonik 24

24
Joas, wa peyi Jida
(2 Wa 12)
1Joas te gen setan lè li moute wa. Li #2 Wa 11.21—12.14 pase karantan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya. 2Joas te fè sa ki dwat devan Senyè a toutotan Jeojada, prèt la, pat ankò mouri. 3Jeojada te marye wa a ak de madanm ki ba li pitit gason ak pitit fi.
4Kèk tan apre sa, Joas pran desizyon pou l repare Tanp Senyè a. 5Li reyini prèt yo ak moun Levi yo, li di yo:
— Ale nan tout lavil peyi Jida yo. Ranmase lajan nan men tout pèp la pou repare Tanp lan chak lanne. Souke kò nou, pa mize.
Men moun Levi yo pat prese. 6#Egz 30.12-16; 38.25,26; Nonb 17.7,8 sa a, wa a fè rele Jewojada, granprèt la, li di li:
— Poukisa ou pa kouri dèyè moun Levi yo pou yo ranmase nan men moun Jida ak moun Jerizalèm lajan Moyiz sèvitè Senyè a, ansanm ak tout pèp la te dakò pou yo egzije pèp la bay pou Tant Randevou a? 7Atali #1 Wa 15.15; 2 Kwo 21.17 ki te yon fanm vèmin ansanm ak moun pa l yo te antre fè dega nan Tanp Senyè a. Yo te pran bagay yo te mete apa pou Bondye nan Tanp lan pou fè sèvis pou Baal li yo.
8Lè sa a wa a bay lòd pou yo fè yon gwo bwat pou yo mete bò pòtay Tanp lan, sou deyò. 9Apre sa, li voye fè konnen nan tout lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida pou tout moun pote bay Senyè a lajan Moyiz, sèvitè Bondye a, te mande pèp Izrayèl la bay lè yo te nan dezè a. 10Sa te fè tout chèf yo ak tout pèp la kontan. Yo pote lajan taks la, yo mete l nan bwat la jouk li rive plen. 11Chak jou, moun Levi yo te pote bwat la bay chèf wa a te mete reskonsab pou sa. Lè yo wè bwat la plen, sekretè wa a ak komisè granprèt la te delege pou sa a wete lajan an. Apre sa, yo mete bwat vid la nan plas li ankò. Yo te fè sa chack jou. Konsa yo te ranmase anpil lajan.
12Wa a ak Jeojada renmèt lajan an bay moun ki te reskonsab repare Tanp Senyè a. Moun sa yo menn te amplwaye mason ak chapant sou kontra pou repare Tanp Senyè a. Yo te anplwaye bòs ki gen ladrès pou travay fè ak kwiv pou repare Tanp lan tou. 13Tout moun ki te reskonsab travay la mete men. Yo repare Tanp lan, yo mete l jan l te ye anvan an, yo fè l byen solid. 14Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Senyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y'ap fè sèvis, lè y'ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan.
Jeojada mouri, peyi a tonbe nan zidòl
Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Senyè a jan pou yo fè l la. 15Men, Jeojada te fin vye granmoun. Li te gen santrantan lè li mouri. 16Yo #1 Wa 2.10 antere l nan tonm wa yo nan lavil David la, paske li te fè anpil pou pèp Izrayèl la, pou Bondye ak pou Tanp li a.
17Mouri Jeojada mouri, chèf peyi Jida yo vin jwenn wa a, yo bese tèt jouk atè devan li. Wa a koute konsèy yo.
18Se #Det 16.21 konsa pèp la sispann sèvi Bondye zansèt yo nan Tanp Senyè a, yo tanmen fè sèvis pou estati Achera yo ak pou lòt zidòl. Poutèt peche sa a, Senyè a fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. 19Senyè a #2 Kwo 36.15; Jer 25.4; Mat 23.34 voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo. 20#Nonb 14.41; 2 Kwo 15.1,2; Mat 23.35 sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. L'al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l, li di yo konsa:
— Senyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou!
21Men #Ney 9.26; Tra 7.58; Eb 11.37 pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l ak kout wòch nan gran lakou Tanp Senyè a. 22Joas #Jen 9.5; Tra 7.60 te bliye tout byen Jeojada, papa Zakari, te fè pou li, li fè touye Zakari. Anvan Zakari rann dènye souf li, li di byen fò:
— Se pou Senyè a wè sa ou fè la a, se pou l pini ou pou sa!
Lanmò Joas
23Menm #2 Wa 12.17,18 lanne sa a, lè sezon prentan rive, lame peyi Siri a atake wa Joas, yo anvayi peyi Jida ak lavil Jerizalèm. Yo touye tout chèf yo, yo piye peyi a, yo voye tou sa yo te pran bay wa lavil Damas la. 24Lame #Lev 26.36,37; Eza 30.17 peyi Siri a pat anpil, men Senyè a te kite l kraze yon lame ki te plis pase yo lontan paske pèp Jida a te vire do bay Senyè a, Bondye zansèt yo a. Se konsa Joas t'ap soufri nan men moun Siri yo pou sa l te fè a. 25#2 Wa 12.20,21; 2 Kwo 21.20 moun Siri yo wete kò yo, yo kite wa a malad grav. De nan chèf ki t'ap sèvi avè l yo fè konplo sou do l pou yo tire revanj lanmò pitit Jeojada, prèt la. Yo touye wa a sou kabann li. Yo antere l nan lavil David la, men yo pa mete l nan tonm wa yo. 26Men non chèf ki te fè konplo a: se te Zabad, pitit gason Chimeya, yon fanm peyi Amon ak Jeozabad, pitit Chimrit, yon fanm peyi Mowab.
27Nan esplikasyon yo bay sou liv wa yo, n'a jwenn istwa pitit gason Joas yo, mesay pwofèt yo te bay sou li, epi yo rakonte ki jan li te rebati Tanp Bondye a.
Se Amasya, pitit Joas la, ki moute wa nan plas li.

Currently Selected:

2 Kwonik 24: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in