YouVersion Logo
Search Icon

2 Kwonik 1

1
Salomon mande Bondye bon konprann
(1 Wa 3.3-15)
1Salomon, pitit wa David, #1 Wa 2.46; 1 Kwo 29.25 chita otorite gouvènman li. Senyè Bondye li a te kanpe avèk li. Li te ba li anpil pouvwa. 2Wa #1 Kwo 27.1 Salomon fè konvoke tout pèp Izrayèl la, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon sa sòlda yo, jij yo, tout anplwaye gouvènman an ak tout chèf fanmi yo. 3Li #Egz 33.7; 1 Wa 3.4; 1 Kwo 21.29 ba yo lòd pou yo ale avè l kote yo fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, paske se la Tanp Randevou Bondye a te ye, tant Moyiz, sèvitè Senyè a, te fè lè yo te nan dezè a. 4Men, #1 Kwo 15.1,25—16.1 David te fè yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l moute lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, li te anba yon tant wa David te fè pou li. 5Gwo #Egz 31.2; 38.1,2; 1 Kwo 16.39 lotèl kwiv Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our la, te fè a te lavil Gabawon tou devan Tant Randevou Senyè a. Se la wa Salomon ak tout pèp la vin pale ak Senyè a. 6Devan #1 Wa 3.4 Tant Randevou Senyè a, Salomon moute sou lotèl kwiv la, li touye mil bèt li fè boule nèt sou lotèl la.
7Jou #1 Wa 3.5-13 lannwit sa a, Bondye parèt devan Salomon, li di l konsa:
— Mande m sa ou vle, m'ap ba ou li.
8Salomon #1 Kwo 28.5 reponn li:
— Ou te toujou moutre jan ou te renmen David, papa m, sèvitè ou la, anpil. Kounyeya, se mwen menm ou mete nan plas li pou gouvènen. 9O #Jen 13.16; 1 Wa 8.26 Senyè, Bondye, kenbe pwomès ou te fè papa m lan! Ou mete m wa pou m gouvènen yon pèp ki gen anpil anpil moun ladan l. Yo pi plis pase grenn pousyè tè. 10Se #Jak 1.5 poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l.
11Bondye reponn Salomon:
— Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an. 12Men #1 Kwo 29.25; Ekl 5.19; 6.2; Mat 6.33 anplis sa, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa k'ap vin apre ou.
Pouvwa ak richès wa Salomon
(1 Wa 10.26-29; 2 Kwonik 9.25-28)
13Apre sa, Salomon kite #1.13: Salomon kite: Se sa nou jwenn nan kèk ansyen vèsyon, men tèks ebre a bay Salomon rive. kote yo konn fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, kote Tant Randevwa a te ye a, li tounen lavil Jerizalèm. Se la li gouvenen pèp Izrayèl la. 14Li #1 Wa 10.26-29; 2 Kwo 9.25-28 te sanble milkatsan (1.400) cha lagè ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda kavalye li yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati espre pou yo. Rès yo, li mete yo toupre l lavil Jerizalèm. 15Pandan tout reny li, lajan ak lò te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa ankantite tankou sikomò nan fore plenn Jida yo. 16Chwal Salomon yo te sòti nan peyi Moukri ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l ki te konn al achte chwal yo la pou li. 17Chak cha lagè yo te achte nan peyi Lejip te koute sisan (600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.

Currently Selected:

2 Kwonik 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy