YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 23

23
David delivre lavil Keyila
1Yon jou, David vin konnen moun Filisti yo t'al atake lavil Keyila, yo t'ap vòlò tout rekòt moun yo te gen ap cheche sou glasi. 2#1 Sam 22.10 sa a, David al mande Senyè a:
— Eske mwen mèt al atake moun Filisti yo?
Senyè a di David:
— Ou mèt ale! Atake yo. Delivre lavil Keyila.
3Men, moun David yo di l konsa:
— Kote nou ye bò isit la nan peyi Jida, nou te pè kont kò nou deja. Sa pral pi rèd pou nou si se pou n'al lavil Keyila pou n goumen ak lame moun Filisti yo.
4David #Jij 7.7; 20.28; 2 Sam 5.19 tounen al pale ak Senyè a ankò. Senyè a reponn li:
— Leve non! Desann lavil Keyila, paske m'ap lage moun Filisti yo nan men ou.
5Se konsa, David mache sou lavil Keyila avèk tout moun ki te avè l yo. Li atake moun Filisti yo. Li touye anpil nan yo, epi li pran tout zannimo yo. Se konsa David te delivre moun lavil Keyila yo.
6#1 Sam 20.7; 22.20; 30.7 Abyata, pitit gason Akimelèk la, te sove al jwenn David, li te desann lavil Keyila avèk Bwat Kontra Bondye a nan men l.
7Yo vin di Sayil David te desann lavil Keyila. Epi Sayil di:
— Bondye lage l nan men m kounyeya. Gade ki jan David al fèmen kò l nan yon lavil ki gen gwo miray ak gwo pòtay byen solid!
8Se konsa Sayil fè rele tout lame li a pou y'al goumen, pou yo mache sou lavil Keyila, pou yo sènen David ansanm ak tout moun ki te avè l yo. 9Lè David tande Sayil te fè lide vin atake l, li rele Abyata, prèt la, li di l konsa:
— Pote Bwat Bondye a vini!
10Epi David di:
— Senyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, mwen tande yo di Sayil pare pou li antre lavil Keyila pou li kraze li nèt, epi se dèyè mwen li ye. 11Eske moun lavil Keyila yo pral lage m nan men l? Eske se tout bon Sayil ap desann jan yo di m li an? O Senyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, di m si se vre?
Senyè a reponn:
— Sayil ap desann vre!
12David di li:
— Eske moun lavil Keyila yo pral lage m nan men Sayil?
Senyè a reponn:
— Y'ap fè l vre.
13Se #1 Sam 22.2; 25.13 konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l yo. Yo te sisan (600) konsa. Yo kite lavil Keyila lamenm, yo pati, yo pran mache san konnen kote yo prale. Lè Sayil vin konnen David te chape sòti lavil Keyila, li chanje lide, li pa mache sou Keyila ankò.
David al kache nan dezè a
14David #Joz 15.24; 1 Sam 23.4 te rete kache nan falèz ki nan dezè Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil. 15Atousa David te pè toujou paske li te konnen Sayil te sòti pou touye l.
David te bò lavil Oreya, nan dezè Zif la. 16Jonatan, #1 Sam 30.6 pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l kouray. Li t'ap di l ki jan Bondye ap toujou la avèk li. 17Li #1 Sam 18.8; 20.31; 24.20 t'ap di l konsa:
— David monchè, ou pa bezwen pè! Sayil, papa m, p'ap janm ka jwenn ou. Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'ap vin apre ou. Ata Sayil, papa m, konn sa tou!
18De #1 Sam 18.3; 20.16; 2 Sam 21.7 mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Senyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l lakay li.
Sayil fann nan siyay David
19Kèk #1 Sam 26.1 moun nan zòn Zif la moute al jwenn Sayil lavil Gibeya, y'al di l:
— Men David kache nan peyi nou an, nan falèz ki bò lavil Oreya, sou mòn Akiya ki nan bò sid dezè Jida a. 20Nenpòt #1 Sam 23.12 kilè ou fè lide desann lakay nou, ou mèt desann, n'a mete men sou li pou nou ba ou li.
21Sayil #Rit 3.10 reponn yo:
— Se pou Senyè a beni nou pou sa n'ap fè pou mwen la a. 22Ale non. Ale wè si se vre. Se pou nou chache konnen byen kote li fè, ki moun ki wè l la. Paske yo di m li malen anpil. 23Chache #Mi 5.2 konnen tout kote li kab kache. Epi lè n'a sèten tout bon, n'a tounen vin jwenn mwen. Lè sa a, m'a desann avèk nou. Si li la toujou nan peyi a, m aval chache l, menm si m dwe fouye nan tout rakwen peyi Jida a.
24Se #Joz 15.55; 1 Sam 25.2 konsa moun Zif yo leve, yo pran devan wa a, yo pati pou peyi yo. David menm ansanm ak moun li yo te nan dezè Mawon an, nan fon ki nan pòsyon sid dezè a. 25Sayil ak moun pa li yo mete chache David. Men David vin konn sa. Li desann Pasgalèt nan dezè Mawon. Epi li rete la. Lè Sayil vin konn sa, li desann dèyè David nan dezè Mawon an. 26Sayil ak mesye l yo t'ap mache sou yon bò ravin lan sou flan mòn lan. David menm ak mesye pa l yo t'ap mache sou lòt bò a, sou flan mòn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l te ka mete bèl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dèyè l. Sayil te prèt pou mete men sou li.
27Lè sa a, yon mesaje vin jwenn Sayil, li di l konsa:
— Tounen touswit, paske men moun Filisti yo ap anvayi peyi a.
28Sayil sispann kouri dèyè David, l'al kontre moun Filisten yo. Se poutèt sa, yo rele Fon sa a Galèt separasyon. 29#23.29—24.22: Koresponn ak chapit 24.1-23 nan tèks ebre a. David #Joz 15.62; 2 Kwo 20.2; Eze 47.10 menm ale nan falèz Angedi yo, li rete kache la.

Currently Selected:

1 Samyèl 23: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in