YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 21

21
David al kache pou Sayil
1David ale lakay Akimelèk, prèt la, nan #1 Sam 14.3; 22.9; Mak 2.26 lavil Nòb. Akimelèk sòti vin kontre l, li te tou ap tranble. Li di l konsa:
— Poukisa ou vin pou kont ou, san moun avè ou?
2David reponn li:
— Wa a voye m regle yon bagay pou li. Li di m pa kite pèsonn konnen sa li voye m fè a. Pou moun ki avè m yo, mwen ba yo randevou yon kote. 3Bon, kounyeya, kisa ou gen la a pou moun manje? Ban m senk pen ou nenpòt lòt sa ou genyen.
4Prèt #Egz 25.30; Lev 24.5,8,9; Mak 2.25,26 la di li:
— Mwen pa gen pen òdinè la a non. Sèl sa mwen genyen, se pen konsakre pou Bondye. Mwen ka ba ou yo si ou konnen mesye ou pa nan anyen ak fanm depi kèk tan.
5David reponn li:
— Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap sòti ak mesye m yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal.
6Se konsa prèt la pran pen konsakre ba li. Paske se sèl sa li te genyen se pen yo ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fèk wete yo sou tab la devan Senyè a pou yo te mete lòt pen fre.
7Men #1 Sam 22.9 jou sa a, Doèg, yon moun peyi Edon, yonn nan domestik Sayil yo, te la tou, paske li te gen yon bèt pou l te ofri pou Senyè a. Se li ki te chèf tout gadò mouton Sayil yo.
8David di Akimelèk ankò:
— Eske ou gen yon frenn osinon yon nepe la a ou ka ban mwen? Paske, wa a te ban m lòd pou m te pati prese prese, mwen pat gentan pran ni nepe mwen, ni okenn lòt zam.
9Akimelèk #Jij 17.5; 1 Sam 17.2,51; Oze 3.4 di li:
— Mwen gen nepe Golyat, sòlda Filisti ou te touye nan Fon Bwadchenn lan. Men li la dèyè Bwat kontra a, li vlope nan yon moso twal. Si ou vle l, ou mèt pran l. Se sèl zam ki gen isit la.
David di li:
— Ban mwen li non! Pa gen pi bon pase l.
David lavil Gat
10Lèfini, #1 Sam 27.2-6 David pati, li sove pou Sayil, l'ale lakay Akich, wa lavil Gat la. 11Moun #1 Sam 18.7; 29.5 wa Akich yo di wa a konsa:
— Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t'ap chante lè yo t'ap danse a, chante ki di:
Sayil desann mil!
David desann dimil!
12Pawòl sa yo te aji anpil sou David. Li vin pè Akich, wa lavil Gat la. 13Li pran pòz moun fou li devan yo tout. Li aji tankou yon moun fou lè yo mete men sou li. Li pran fè grabji ak dwèt li sou pòt yo, li kite bave koule sou tout bab li. 14Lè sa a, Akich di moun li yo:
— Nou pa wè se yon moun fou? Poukisa nou mennen l ban mwen? 15Mwen pa gen kont moun fou avè m deja? Poukisa nou mennen sa a ankò vin plede fè tenten andedan lakay mwen an?

Currently Selected:

1 Samyèl 21: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in