YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 2

2
Ana di Bondye mèsi
1Lè sa a, Ana lapriyè, li di:
— Senyè a #Lik 1.46-55 #1 Sam 2.10; Sòm 9.14; 13.5; 75.10; 92.10; Eza 61.10 kè m kontan anpil!
Senyè a remoute kouray mwen.
M'ap kenbe tèt ak lènmi yo.
Kè m kontan paske Bondye delivre mwen.
2Pa #Egz 15.11; Det 32.30,31; Sòm 18.2,31; 95.1 gen Bondye tankou Senyè a.
Non, pa gen tankou l.
Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
3Sispann pale avèk lògèy.
Pa kite pawòl radiyès sòti nan bouch nou.
Paske Senyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay.
Li jije tou sa moun ap fè.
4L'ap #Sòm 37.15; 46.9; 76.3 kraze zam ki nan men vanyan sòlda yo.
Men l'ap bay moun ki fèb yo fòs kouray.
5Sa #Sòm 113.9; Eza 54.1; Jer 15.9 ki te konn manje vant deboutonnen yo
al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje.
Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò.
Fanm ki pat ka fè pitit la fè pitit sèt fwa.
Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen.
6Senyè a #Det 32.39; Oze 6.1,2 touye, lèfini li bay lavi ankò.
Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a.
Li mennen yo tounen ankò.
7Li #Jòb 1.21; 5.11; Sòm 75.7 fè moun rich, li fè moun pòv.
Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò.
8Li #Jòb 36.7; 38.4-6; Sòm 75.7; 113.7,8; Da 4.17; Lik 1.52 wete pòv yo nan lapenn yo,
li bay endijan yo men pou yo sòti nan mizè yo.
Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo.
Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete.
Fondasyon latè, se nan men Senyè a sa ye.
Se sou yo li bati tou sa ki la.
9L'ap #Sòm 33.16,17; 91.11; 121.3; Pwo 3.26 pwoteje lavi moun k'ap sèvi l ak tout kè yo.
Men, mechan yo pral mouri nan fènwa.
Paske se pa fòs kouray yon nonm k'ap fè l genyen.
10Senyè a #1 Sam 2.1; 7.10; Sòm 2.9; 18.13,50; 89.24; 96.10,13; 98.9; Lik 1.69 ap kraze tout lènmi l yo.
L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loray tonbe sou yo.
Senyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè.
L'a bay wa li a pouvwa,
l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.
11Apre sa, Elkana tounen lakay li lavil Rama, men yo kite ti gason an lavil Silo pou l te sèvi Senyè a sou zòd Eli, prèt la.
Pitit gason Eli yo
12Pitit #Jij 2.10; 19.22; Oze 4.1; Wòm 1.28 gason Eli yo te yon bann jenn pèvèti. Yo pa te nan koze Bondye ak moun, 13ni #Egz 27.3; Det 18.3 yo pa te aji jan prèt ta dwe aji ak pèp la. Chak fwa yon moun t'ap touye bèt pou ofri bay Bondye, domestik prèt la vini ak yon gwo fouchèt twa dan. Antan vyann lan ap kwit, 14li plonje fouchèt la nan kaswòl la, nan chodyè a, nan mamit la osinon nan bonm lan. Tou sa fouchèt la te pran, se te pou prèt la. Se konsa yo te fè sa lavil Silo ak tout moun pèp Izrayèl la ki te vin fè ofrann yo la. 15Sa #Lev 3.16; 7.23,25,31 ki pi rèd ankò, anvan menm yo te wete grès pou boule yo, domestik prèt la vini, epi li di nonm ki t'ap ofri bèt yo te touye a konsa:
— Ban m moso vyann pou prèt la fè woti. Li p'ap asepte ou ba li vyann bouyi. Li bezwen vyann fre.
16Men, si nonm lan ta reponn li: Tann yo boule grès la anvan, apre sa w'a pran sa ou vle, domestik prèt la ap di l:
— Non! Ban mwen l kounyeya. Si ou pa ban mwen li, m'ap pran l ak fòs pa m.
17Peche #Mal 2.8 pitit gason Eli yo te grav anpil anpil devan Senyè a, paske yo pat respekte ofrann yo te fè pou Senyè a.
Samyèl lavil Silo
18Ti #Egz 28.4; 1 Sam 2.11; 2 Sam 6.14 Samyèl menm t'ap sèvi Senyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a. 19Chak #1 Sam 1.3 lanne manman l te fè yon ti rad pou li, epi li te pote l ba li lè li moute ak mari l pou touye bèt pou yo ofri chak lanne a. 20Se #1 Sam 1.28 konsa, Eli te beni Elkana ansanm ak madanm li. Li di Elkana:
— M'ap lapriyè Senyè a pou l ba ou lòt pitit avèk madanm sa a pou ranplase pitit ou mete apa pou Senyè a.
Apre sa yo tounen lakay yo. 21Senyè a #Jen 21.1; Lik 1.80; 2.40 beni Ana ankò. Ana fè senk lòt pitit, de fi twa gason. Ti Samyèl menm t'ap grandi nan kay Senyè a.
Eli ak pitit gason l yo
22Eli #Egz 38.8 te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a. 23Lè sa a, li di yo konsa:
— Poukisa n'ap fè bagay konsa? Mwen tande tout vye koze y'ap di sou nou nan pèp la. 24Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m tande y'ap di sou nou yo se pa bèl bagay menm. 25Si #Joz 11.20 yon moun fè yon lòt yon bagay mal, Senyè a ka pran defans li. Men lè se Bondye menm yon moun fè mal, ki moun ki va pran defans li?
Men, mesye yo pat vle koute sa papa a t'ap di yo, paske Senyè a te fin pran desizyon l pou l te touye yo.
26Ti #Lik 2.52 Samyèl menm t'ap grandi toujou. Li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.
Bondye bay fanmi Eli do
27Yon #Egz 4.14,27; 1 Sam 9.6; 1 Wa 13.1; 17.18; 2 Wa 4.9 pwofèt Bondye vin jwenn Eli, li di l konsa:
— Men sa Senyè a voye di ou: Lè zansèt ou yo, Arawon ak moun fanmi l yo, te esklav nan peyi Lejip ap sèvi farawon an, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye. 28Nan #Egz 28.1; Lev 2.3; 6.16; 7.7,8,34; Nonb 18.1,7; 1 Sam 14.3; 22.18 tout branch fanmi pèp Izrayèl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sèvi m prèt devan lotèl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prèt yo devan m. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pòsyon nan tout bèt yo ofri pou boule pou mwen sou lotèl la. 29Poukisa #Det 32.15 nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m, kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen? 30Se #Egz 29.9; Jan 12.26; Sòm 18.25,26; 91.15 poutèt sa, mwen menm Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m prèt pou tout tan. Men kounyeya, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Senyè a ki di sa. 31Gade! #1 Sam 4.11,18,20; 22.18,19; Jer 48.25 Kounyeya lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun. 32Lespri #Sòm 78.59-64 ou pral boulvèse lè w'a wè tout bagay ap mache byen pou pèp la, men pèsonn nan fanmi ou p'ap janm viv lontan jouk pou yo rive granmoun. 33M'ap kite yonn nan fanmi ou yo vivan pou li ka sèvi m prèt. Men, l'ap pèdi de grenn je l yo, epi lapenn ap fini avè l. Tout lòt fanmi ou yo pral mouri tou jenn nan move kondisyon. 34#1 Sam 4.11; 1 Wa 13.3 w'a wè de pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, tonbe mouri menm jou a, w'a konnen sa m te di a se vre. 35Mwen #2 Sam 7.11,27; 1 Wa 2.35; 11.38; Sòm 18.50; Eze 44.15 pral chwazi yon lòt prèt ki p'ap janm twonpe m. La fè tou sa m'a vle l fè, tou sa mwen ta renmen wè l fè. M'a ba li yon fanmi ki p'ap janm disparèt, se yo ki va toujou sèvi wa mwen va chwazi a. 36Men, moun ki va rete vivan nan fanmi ou lan va ale bò kote prèt sa a pou mande l yon ti lajan ak yon ti manje, la lapriyè nan pye prèt la pou prèt la kite l ede lòt prèt yo pou li ka jwenn kichòy pou l manje.

Currently Selected:

1 Samyèl 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in