YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 14

14
Jonatan atake moun Filisti yo
1Yon jou, Jonatan pitit Sayil pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di li konsa:
— Ann al avè mwen. Ann travèse lòt bò a, nan kan filisten yo.
Men Jonatan pa te avèti papa li. 2Sayil #1 Sam 13.15 menm te fè yon rete Migwon, anba grenad la, sou limit peyi Gibeya. Li te gen sisan sòlda konsa avè li. 3Prèt #1 Sam 2.28; 4.21; 22.11,20 ki t'ap pote jile Bondye a te rele Akija. Se Akitoub, pitit frè Ikabòd. Yo te pitit Fineyas ki li menm te pitit Eli ki te prèt Senyè a, lavil Silo. Sòlda yo pa te konnen Jonatan te pati. 4Nan #1 Sam 13.23 pas kote Jonatan t'ap chache janbe larivyè pou ale nan kan moun Filisti yo, te gen de gwo wòch, yonn chak bò pas la. Yonn te rele Bozès, lòt la Sene. 5Yonn te sou bò nò anfas lavil Mikmas, lòt la sou bò sid anfas lavil Geba.
6Jonatan #Joz 14.12; Jij 7.4,7; 14.3; 1 Sam 17.47; 2 Kwo 14.11 di jenn gason an:
— Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Senyè a. Ou pa janm konnen, Senyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.
7Jenn gason an reponn li:
— Fè sa ou gen nan lide ou. Ale non! M'ap kanpe avè ou!
8Jonatan di l:
— Bon! Nou pral janbe lòt bò a epi n'ap kite yo wè nou. 9Si yo di nou rete kote nou ye a, y'ap vin jwenn nou, n'ap rete kote nou ye a, nou p'ap mache sou yo. 10Men, #Jen 24.14 si yo di nou moute vin jwenn yo, enben! n'a mache sou yo. Paske, sa vle di Senyè a gentan lage yo nan men nou.
11Yo #1 Sam 13.6 parèt kò yo, yo kite moun Filisti yo wè yo. Moun Filisti yo di:
— Gade! Men kèk ebre k'ap sòti nan twou kote yo te kache.
12Sòlda Filisti yo rele Jonatan ak jenn gason an, yo di yo:
— Moute vin jwenn nou non. Nou gen yon bagay pou n di nou.
Lè sa a, Jonatan di jenn gason an:
— Swiv mwen. Senyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la.
13Jonatan grenpe moute ak men li ak pye li. Jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè li. 14Nan premye atak sa a, Jonatan ak jenn gason an te touye ven sòlda konsa, sou yon ti teren ki pat menm mezire yon ka (¼) kawo tè. 15Tout #1 Sam 13.17 moun filisti ki te nan kan an vin pè anpil. Sòlda yo te mete avangad yo, ak tout rès lame a, yo te vin pè tou. Tè a pran tranble. Te vin gen yon gwo kouri nan tout peyi a.
Izrayèl bat Filisti yo
16Faksyonè #Joz 2.9 Sayil te mete ap veye lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo wè te gen yon sèl debandad nan mitan moun Filisti yo ki t'ap kouri tankou moun fou.
17Sayil di moun ki te avè l yo:
— Konte sòlda yo! Gade kilès ki pa la!
Yo konte, yo pa jwenn ni Jonatan ni jenn gason ki te konn pote zam li yo. 18#1 Sam 7.2 sa a, Sayil di Akija konsa:
— Pwoche ak Bwat Kontra Bondye a isit.
Li te di sa paske jou sa a se Akija ki t'ap pote bwat la devan pèp Izrayèl la. 19Pandan #Nonb 27.21 Sayil t'ap pale ak prèt la, kouri a te vin pi rèd nan mitan moun Filisti yo. Sayil di prèt la konsa:
— Rete sou sa ou fè!
20Li #Jij 7.22; 2 Kwo 20.23 leve ansanm ak moun ki te avè l yo, yo ale kote batay la te cho a. Moun Filisti yo menm te fin pèdi tèt yo, yo t'ap goumen yonn ak lòt. 21Gen kèk ebre ki te mete tèt yo bò kote moun Filisti yo, yo te la avèk yo nan kan an. Lè sa a, yo vire kont moun Filisti yo, yo mete yo bò moun pèp Izrayèl yo ki te avèk Sayil ak Jonatan.
22Moun #1 Sam 13.6; 14.11 pèp Izrayèl ki te kache nan mòn Efrayim yo vin tande moun Filisti yo t'ap kraze rak. Yo menm tou yo vini, yo lage kò yo nan batay la, yo t'ap kouri dèyè moun Filisti yo. 23Se #Egz 14.30 konsa jou sa a, Senyè a te sove pèp Izrayèl la. Yo rive jouk lòt bò lavil Bèt-Avenn, yo t'ap goumen toujou.
Apre batay la
24Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a:
— Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m yo.
Se konsa pèsonn nan peyi a pat manje anyen jou sa a. 25Pèp la rive nan yon gwo rakbwa kote ki te gen anpil siwo myèl. 26Siwo myèl t'ap koule konsa atè nan rakbwa a, men pèsonn pa goute menm ladan l paske yo te pè pou malè Sayil te di a pa rive yo. 27Men, #1 Sam 14.43 Jonatan pat konnen papa l te bay pèp la prigad sa a. Sa li fè, li lonje baton ki te nan men l lan, li tranpe bout baton an nan yon gato myèl, epi li mete l nan bouch li. Lamenm, li santi li vin gen fòs ankò.
28Men, yonn nan mesye yo di li:
— Tout moun ap tonbe feblès, yo pa manje paske papa ou te ban nou prigad sa a, li te di: Madichon pou nenpòt moun ki manje anyen jòdi a.
29Jonatan reponn li:
— Sa papa m fè pèp la la a pa bon menm! Gade jan m santi m gen fòs ankò, paske mwen goute yon ti siwo myèl. 30Si pèp la te manje nan manje li pran lakay moun Filisti yo jòdi a, kounyeya eske nou wè kantite moun Filisti nou ta ka touye met sou sa nou touye deja yo?
31Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Filisti yo byen bat, depi lavil Mikmas jouk lavil Ajalon. Pèp la t'ap tonbe feblès tèlman yo te grangou. 32Se #Lev 3.17; 1 Sam 15.19; Tra 15.20 konsa yo lage kò yo sou sa yo te pran nan men lènmi yo: yo pran mouton, kabrit, gwo bèf, ti bèf, yo touye yo lamenm epi yo manje vyann lan ak tout san an ladan l. 33Y'al #Jen 9.4 di Sayil konsa:
— Gade! Men pèp la ap peche kont Senyè a: Y'ap manje vyann ak tout san an ladan l.
Sayil di konsa:
— Nou se yon bann lach! Woule yon gwo wòch bò isit la ban mwen.
34Apre sa, li bay lòd sa a:
— Gaye kò nou nan tout pèp la. Al di pou chak moun mennen bèf yo ak mouton yo ban mwen. Se isit la n'a touye yo, se isit la n'a manje yo pou nou pa fè peche kont Senyè a, pou nou pa manje vyann yo ak tout san yo ladan yo.
Jou swa sa a, chak moun mennen bèt yo te genyen, yo touye yo la. 35Sayil #1 Sam 7.17; 2 Sam 24.25 bati yon lotèl pou Senyè a. Se te premye lotèl li te bati.
36Sayil #1 Sam 14.3,18,19 di moun yo:
— Ann desann dèyè moun Filisti yo. Ann pase nwit lan ap bat yo, n'a piye yo jouk bajou kase, n'a touye yo tout.
Yo reponn li:
— Fè sa ou wè ki bon!
Men, prèt la di:
— Ann gade sa Senyè a di nou sou sa!
37Sayil #1 Sam 8.18; 28.6 mande Senyè a:
— Eske se pou m desann dèyè moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men pèp Izrayèl la?
Men Senyè a pa reponn li jou sa a. 38Lè sa a, li rele tout chèf pèp la, li di yo:
— Pwoche devan la a. Chache konnen ki peche nou te fè jòdi a. 39Mwen #Rit 3.13 bay pawòl mwen, mwen sèmante devan Senyè vivan an, li menm ki delivre pèp Izrayè la, menm si se Jonatan, pitit mwen, ki koupab la, se pou li mouri.
Pesonn pa louvri bouch yo di yon mo. 40Epi li di tout pèp Izrayèl la:
— Nou menm kanpe bò isit. Mwen menm ak Jonatan, pitit gason m lan, m'ap kanpe bò la.
Pèp la di Sayil:
— Fè sa ou wè ki bon!
41Sayil #Joz 7.16-18; 1 Sam 10.20-21; Tra 1.24-26 di Senyè a:
— Bondye pèp Izrayèl la! Poukisa ou pa reponn mwen jòdi a? Senyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, reponn mwen nan ourim ak toumim yo. Si se mwen menm osinon Jonatan ki koupab, w'a bay ourim yo. Men, si se yon moun nan pèp la ki koupab, #14.41: Pran depi nan reponn mwen rive nan pèp la ki koupab, se nan ansyen vèsyon grèk la nou jwenn fraz sa a. Tèks ebre a pa bay li. w'a bay toumim yo.
Senyè a fè yo konnen se bò Sayil ak Jonatan fòt la te ye, pèp la te pou anyen nan sa. 42Sayil di:
— Kounyeya, ant Jonatan avè m, di kilès nan nou de a ki koupab.
Senyè a fè konnen se Jonatan. 43#Joz 7.19; 1 Sam 14.27 sa a, Sayil mande Jonatan:
— Kisa ou fè?
Jonatan reponn:
— Mwen te pran ti gout siwo myèl nan pwent baton ki te nan men m lan, mwen goute. Men mwen! Mwen pare pou m mouri.
44Sayil #Rit 1.17 di li:
— Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.
45Men #2 Sam 14.11; 1 Wa 1.52; Lik 21.18; Tra 27.34 pèp la di Sayil ankò:
— Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou sèmante devan Senyè vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa li fè jodi a.
Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri.
46Apre sa, Sayil sispann kouri dèyè moun Filisti yo. Moun Filisti yo menm tounen nan peyi yo.
Reny Sayil
47Apre #1 Sam 11.11; 2 Sam 8.3; 10.6 yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l yo alawonn badè: ak moun Mowab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo. #14.47: li genyen batay yo: Nan tèks ebre a nou jwenn li fè sa ki mal. 48Li #1 Sam 15.3,7 te fè wè jan li te yon vanyan sòlda. Li bat ata moun Amalèk yo. Konsa, li delivre pèp Izrayèl la anba men tout moun ki t'ap piye l yo.
49Men #1 Sam 18.17,19,20,27; 31.2; 2 Sam 2.8-10; 21.8; 1 Kwo 8.33; 9.39 pitit gason Sayil te genyen: Se te Jonatan, Yichwi ak Malkichwa. Men non de pitit fi li yo: Pi gran an te rele Merab, pi piti a te rele Mikal.
50Madanm #1 Sam 10.14; 2 Sam 2.8 Sayil te rele Akinoam. Se te pitit Akimas. Kòmandan lame a te rele Abnè. Se te pitit Nè, tonton Sayil. 51Kich, #1 Sam 9.1 papa Sayil, ak Nè, papa Abnè, te pitit gason Abiyèl. 52Sayil #1 Sam 8.11 pase tout lavi li ap mennen gwo batay ak moun Filisti yo. Chak fwa li te jwenn yon vanyan gason osinon yon moun ki te gen anpil fòs ak kouray, li te mete l nan lame li a.

Currently Selected:

1 Samyèl 14: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy