YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 11:6-7

1 Samyèl 11:6-7 HAT98

Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè. Li pran de bèf, li rache yo fè moso, epi li voye mesaje pote moso vyann yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: — Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe tèt bèf yo tankou bèf sa a. Senyè a voye yon sèl lapèrèz sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil.