YouVersion Logo
Search Icon

1 Pyè 3:15-18

1 Pyè 3:15-18 HAT98

Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an. Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an. Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n soufri, li pa vle nou fè sa ki mal. Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou li te ka mennen yo bay Bondye. Li mouri, men ak pouvwa Lespri Bondye a, li resisite nan lanmò.