YouVersion Logo
Search Icon

1 Korent 10

10
Pa mele sèvis Bondye ak sèvis zidòl
1Frè m yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te #Egz 13.21; 14.22 rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nyaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la. 2Yo tout te batize nan nyaj la ak nan lanmè a ansanm avèk Moyiz. 3Yo #Egz 16.4,35; Det 8.3 tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a. 4Yo #Egz 17.6 tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t'ap bwè dlo ki t'ap sòti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t'ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm. 5Atousa, #Nonb 14.16,23,30 anpil ladan yo pat fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.
6Tout #Nonb 11.4,34 bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l lan. 7Piga #Egz 32.6 nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l, jan sa ekri nan Liv la:
Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo.
8Pa #Nonb 25.1,9 lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou. 9Piga #Nonb 21.5,6 nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri. 10Pa #Nonb 14.2,36; Eb 3.11,17 bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout.
11Tout #1 Pyè 4.7 bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv kounyeya, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive. 12Se sa k fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l pou l pa tonbe. 13Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.
14Se #1 Jan 5.21 poutèt sa, zanmi m yo, pa mele nan sèvis zidòl yo. 15M'ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m'ap di a. 16Gode #Mat 26.27; Tra 2.42 benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, eske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l, eske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun? 17Se #1 Kor 12.27; Wòm 12.5 yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun.
18Ann #Lev 7.6,15 konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lotèl la, li vin an kominyon ak Bondye ki mèt lotèl la. 19Kisa m #1 Kor 8.4 vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè? 20Non! #Lev 17.7; Det 32.17; Sòm 106.37; Rev 9.20 Men sa m vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an kominyon ak denmon yo. 21Nou #2 Kor 6.15,16; Mal 1.7,12 pa kapab ap bwè nan gode Senyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Senyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo. 22Osinon, #Det 32.21 èske nou vle eksite jalouzi Senyè a? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?
Fè tout bagay sèvi lwanj Bondye
23Nou #1 Kor 6.12 gendwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gendwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye. 24Piga #Wòm 15.2 pèsonn chache sa ki bon pou tèt pa l ase. Se pou l chache enterè lòt yo tou.
25Nou #Wòm 14.2-10,22 lib manje tout vyann yo vann nan mache san nou pa bezwen mande pyès kesyon. Konsa konsyans nou p'ap twouble. 26Paske, #Sòm 24.1 jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l.
27Si #Lik 10.8 yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pèsonn p'ap twouble. 28Men, #1 Kor 8.7 si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pèsonn pa boulvèse. 29Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan.
Men, yon moun va mande m: Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m antrav nan sa m gendwa fè? 30Si #1 Tim 4.4 mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m mal pou yon manje konsa?
31Se #Kol 3.17 sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye. 32Se #Wòm 14.13 pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche. 33Se #1 Kor 9.20-22 pou nou fè tankou m: nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m fè tout moun plezi. Mwen p'ap chache avantaj pa m, men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.

Currently Selected:

1 Korent 10: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy