YouVersion Logo
Search Icon

1 Kwonik 3

3
Pitit David yo
(2 Samyèl 3.2-5; 5.13-16; 1 Kwonik 14.3-7)
1Men non pitit gason David vin genyen #2 Sam 3.2-5 antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l. 2Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l. 3Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, madanm David, ki te manman l. 4Sis #2 Sam 2.11; 5.5 pitit sa yo te fèt lavil Ebwon kote David te gouvènen pandan sètan sis mwa.
Apre sa, David al rete lavil Jerizalèm kote li gouvènen pandan tranntwazan. 5Li #2 Sam 5.14-16; 1 Kwo 14.4-7 #2 Sam 11.3; 12.24; Mat 1.6; Lik 3.31 anpil pitit gason la tou. Batcheba, #3.5: Batcheba: Nan tèks ebre a nou jwenn Bèt-Souya. pitit fi Amiyel la, fe kat pitit gason pou li: Chimea, Chabab, Natan ak Salomon. 6Li te gen nèf lòt pitit gason: Iba, Elichwa, Elpelèt, 7Noga, Nefèg, Jafya, 8Elichama, Elyada, Elifelèt. 9David #2 Sam 13.1 te fè lòt pitit gason toujou ak lòt fanm kay mete sou sa yo. Li te gen yon pitit fi yo te rele Tama.
Fanmi wa Salomon
10Salomon #1 Wa 11.43; 14.31; 15.8,24; Mat 1.7,8 te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa, 11Jozafa #2 Wa 8.16,24; 11.2; Mat 1.8 te papa Joram, Joram te papa Okozyas, Okozyas te papa Joas, 12Joas #2 Wa 12.21; 15.1,7; Mat 1.9 te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam, 13Jotam #2 Wa 15.38; 16.20; 20.21; Mat 1.9,10 te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase, 14Manase #2 Wa 21.18,26; Mat 1.10 te papa Amon, Amon te papa Jozyas. 15Jozyas #2 Wa 23.30,34; 24.17; Jer 22.11 te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum. 16Jojakim #2 Wa 24.6; Jer 22.24; Mat 1.11 te papa Jekonya ak Sedesyas.
Fanmi wa Jojakim
17Men #2 Wa 24.15; Esd 3.2; Mat 1.12; Lik 3.27 non fanmi wa Jojakim moun Babilon yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl, 18Malkiram, Pedaja, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya. 19Pedaja #Esd 2.2; 5.2; Aje 1.1; Zak 4.6; Mat 1.12; Lik 3.27 te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit. 20Li te fè senk lòt pitit gason. Se te Achouba, Ojèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd.
21Ananya te gen de pitit gason: Pelatya ak Jechaya. Jechaya te papa Refaya, Refaya te papa Anan, Anan te papa Obadya, Obadya te papa Chekanya.
22Chekanya #Ney 3.29 te gen yon pitit gason, Chemaya, ak senk pitit pitit: Atouch, Igal, Barya, Nearya ak Chafat.
23Nearya te gen twa pitit gason: Elyoenayi, Izkiya ak Azrikam.
24Elyoenayi te gen sèt pitit gason: Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Joanan, Delaya ak Anani.

Currently Selected:

1 Kwonik 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in