YouVersion Logo
Search Icon

1 Kwonik 29:10-14

1 Kwonik 29:10-14 HAT98

Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: — Lwanj pou ou, Senyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. Se nan men ou tout richès ak tout byen sòti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. Kounyeya, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa. Men, kisa m ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo sòti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou.