YouVersion Logo
Search Icon

1 Kwonik 28

28
David bay plan Tanp lan
1David mande pou tout otorite peyi #1 Kwo 11.10-47; 23.2; 27.1-15,16-22,25-31 Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm. 2David #1 Kwo 22.7; Sòm 99.5; 132.7; Lam 2.1 kanpe devan yo tout, li di yo konsa:
— Frè m yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Senyè a rete, yon kay kote Senyè a ka mete fòtèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la. 3Men, #2 Sam 7.5,6; 1 Kwo 22.8 Bondye te fè m konnen mwen p'ap ka bati kay la pou li paske se sòlda mwen ye, mwen fè twòp san koule. 4Men #Jen 49.8,10; 1 Sam 16.1,12,13; 1 Kwo 5.2; 17.23,27; Sòm 78.68,70,71 se mwen menm Senyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m yo pou fè m wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m. Nan fanmi papa m, sa te fè l plezi pou l chwazi m pou l mete m wa sou tout peyi Izrayèl la. 5Koulyeya, Senyè #1 Kwo 3.1-9; 22.9 a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo, li te chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.
6Senyè a #2 Sam 7.13,14; 1 Kwo 22.10 te di m tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li. 7M'ap #1 Kwo 17.23,27; 22.13 fè gouvènman l lan kanpe fèm pou tout tan, depi li menm li toujou kenbe lòd mwen, depi li toujou mache dapre kòmandman m yo jan l'ap fè l jòdi a.
8Kounyeya, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Senyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l pou pitit nou yo jouk sa kaba.
9Ou #1 Sam 16.7; 1 Wa 8.39,61; 1 Kwo 29.17; 2 Kwo 15.2; Jer 29.13; Mat 7.7; Jak 4.8; Rev 2.23 menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Senyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l, l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan. 10Se #1 Kwo 28.20; Aje 2.4 pou ou rekonèt se Senyè a menm ki chwazi ou pou bati yon kay pou mete apa pou li. Mete gason sou ou! Antre nan travay!
11Apre #Egz 25.17,40; 1 Wa 6.3; 1 Kwo 28.19 sa, David bay Salomon plan tout kay Tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo. 12Li #1 Kwo 26.20 ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou Tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan Tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Senyè a. 13David #1 Kwo 23.6; 24.1 te ba li tou jan pou li òganize prèt yo ak moun Levi yo pou yo fè travay yo, jan pou yo fè tout sèvis nan kay Senyè a, ak jan pou yo okipe tout veso Tanp lan. 14Li di li konbe ajan ak lò la bezwen pou fè veso yo, 15pou #Egz 25.31-37 chak lanp pou chak gwo lanp sèt branch fèt ak lajan osinon ak lò ak pèz yo chak dwe genyen dapre sèvis yo, 16pou #Egz 25.23-30 chak tab an ajan osinon an lò kote pou yo ranje pen yo mete apa pou Senyè a. 17Li #Egz 27.3 di li konbe lò l'a bezwen pou fè fouchèt yo, bòl yo, gwo gode yo, ak lòt veso lajan osinon lò dapre pèz yo chak. 18Li #Egz 25.18-22; 30.1; 1 Wa 6.23-28 di l konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Senyè a. 19David #Egz 25.40; 1 Kwo 28.11,12 di li:
— Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Senyè a menm te ban mwen. Li esplike m tou sa pou m fè.
20Apre #Joz 1.5,6; 1 Kwo 22.13 sa, wa David di Salomon, pitit li a:
— Mete gason sou ou! Pran kouray, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Senyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini. 21Gwoup #Egz 36.1,2; 1 Kwo 28.13 prèt yo ak gwoup moun Levi yo deja resevwa travay pou yo fè nan Tanp lan. Pou tout lòt travay yo, ou gen avè ou ouvriye ki vle ede ou, lèfini ki gen ladrès nan tout kalite djòb. Chèf yo ak tout pèp la ap tann lòd ou pou tout bagay fèt.

Currently Selected:

1 Kwonik 28: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in