YouVersion Logo
Search Icon

1 Kwonik 24

24
Travay prèt yo
1Men moun ki te sòti nan branch fanmi #Nonb 3.2 Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama. 2Men #Lev 10.2; Nonb 3.4 Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon. 3Avèk #2 Sam 8.17; 1 Kwo 24.31 konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo. 4Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo. 5Nan tou de fanmi yo, te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo fè tirajosò pou yo te ka konnen ki lè ki tou chak moun.
6Se #1 Sam 22.20; 23.6; 1 Kwo 18.16 konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te make non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo fè tirajosò sou chak de moun Elyaza pou yon moun Itama.
7Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te sòti lè yo fin piye: Jeoyarib sòti premye, Jedaja dezyèm, 8Arim twazyèm, Seorim katriyèm, 9Malkija senkyèm, Mijamen sizyèm, 10Akòz #Lik 1.5 setyèm, Abija uityèm, 11Jezwa nevyèm, Chekanya dizyèm, 12Elyakib onzyèm, Yakim douzyèm, 13Oupa trèzyèm, Jekebeab katòzyèm, 14Bilga kenzyèm, Imè sèzyèm, 15Ezi disètyèm, Apizèz dizuityèm, 16Petaja diznèvyèm, Ezekyèl ventyèm, 17Jakin venteyinyèm, Gamoul venndezyèm, 18Delaya venntwazyèm, Mazya vennkatriyèm.
19Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l pou yo fè l la, dapre lòd Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay.
Lis non moun Levi yo
20Men #1 Kwo 23.13 non lòt chèf fanmi ki sòti nan fanmi Levi a: Se te Choubayèl nan fanmi Amran, Jedeya nan fanmi Choubayèl, 21Ichiya #1 Kwo 23.17 nan fanmi Rekabya. Se li ki te pi gran. 22Te #1 Kwo 23.18 gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt. 23Nan #1 Kwo 23.19 fanmi Ebwon an te gen Jerija, pi gran an, Amarya, dezyèm lan, Jaziyèl, twazyèm lan ak Jekameam, katriyèm lan. 24Te #1 Kwo 23.20 gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche. 25Jikija, frè Miche a, Zakari, pitit gason Jikija, 26Makli #1 Kwo 23.21 ak Mouchi, pitit gason Merari, pitit gason Jazya yo, ki te pitit Merari. 27Nan fanmi Merari a, Jazya, pitit li, te gen twa pitit gason: Choam, Zakou ak Ibri. 28Makli #1 Kwo 23.22 te gen de pitit gason: Eleaza ki pat gen pitit gason, 29ak #1 Kwo 23.21 Kich ki te papa Jerakmeyèl. 30Mouchi #1 Kwo 23.23,24 te gen twa gason: Makli, Edè ak Jerimòt.
Se tout fanmi Levi yo sa dapre non zansèt yo. 31Tankou #1 Kwo 24.5,6 moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo fè tirajosò devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri.

Currently Selected:

1 Kwonik 24: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in