YouVersion Logo
Search Icon

1 Kwonik 22

22
1Se konsa David te di:
— Se #Jen 28.17; 1 Kwo 21.18,19,26,28; 2 Kwo 3.1 la Tanp Bondye Senyè a ye, ansanm ak lotel pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.
David pare materyo Tanp lan
2David #1 Wa 5.17; 9.20,21; 2 Kwo 2.17 bay lòd pou tout moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Izrayèl la reyini. Li moute chantye kote pou taye wòch pou bati Tanp Bondye a. 3Li #1 Wa 7.47 fè pare fè ankantite pou fè klou ak kranpon pou batan pòt yo. Pou kwiv la menm, moun pa ka kalkile kantite li te fè pare. 4Pou #1 Wa 5.6 bwa sèd, moun peyi Sidon ak moun lavil Tir te fè David jwenn sa an kantite. 5David #1 Wa 3.7; 1 Kwo 29.1 t'ap di nan kè l: Salomon, pitit gason m lan, se yon timoun ki poko gen esperyans. Tanp li gen pou l bati pou Senyè a, se li ki pou pi gwo, pi bèl pase dènye tanp, pou toupatou sou latè y'ap pale sou li. Se pou m pare tout bagay kite pou li.
Se konsa, anvan li mouri, David pare materyo an kantite kite la pou sa. 6Lèfini, li voye chache Salomon, pitit gason l lan, li ba li lòd pou li bati Tanp Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 7Li #1 Wa 8.17; 1 Kwo 17.1,2; Sòm 132.1-5 di l konsa:
— Pitit mwen, mwen te fè lide bati yon tanp pou Senyè a, Bondye mwen an. 8Men #1 Wa 5.3; 1 Kwo 28.3 Senyè a fè m konnen mwen touye twòp moun, mwen fè anpil lagè. Se poutèt sa se pa mwen ki pral bati tanp lan pou li, paske mwen fè twòp san koule. 9Men #2 Sam 12.24; 1 Wa 4.25; 5.4; 1 Kwo 22.18 li di m konsa: Ou pral gen yon pitit gason ki p'ap nan touye moun li menm. M'ap fè tout lènmi l yo toupatou viv byen ak li tou. Se poutèt sa y'a rele l Salomon. #22.9: Salomon: Non sa a sòti nan yon mo ebre ki vle di kè poze. Sou reny li, peyi Izrayèl la ap viv ak ke poze, san danje ni malè. 10Se #2 Sam 7.13,14; 1 Kwo 28.6; Eb 1.5 li menm ki va bati yon tanp pou mwen. L'ap yon pitit pou mwen, mwen menm m'ap yon papa pou li. M'ap fè l toujou gen yon moun nan fanmi l wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.
11Kounyeya, pitit mwen, se pou Senyè a, Bondye w'ap sèvi a, toujou kanpe la avè ou pou ou ka rive bati Tanp lan pou li, jan li te pwomèt ou sa. 12Mwen #1 Wa 3.9,12; Sòm 72.1 mande Senyè a pou l ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè la mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Senyè a, Bondye ou la. 13Konsa, #Det 31.6; 1 Kwo 28.7 tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Senyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè. 14Gade! #1 Kwo 29.4 Mwen bay kò m anpil traka pou m pare tout bagay pou Tanp Senyè a: twamil twasan (3.300) tòn lò, tranntwamil (33.000) tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou. 15Lèfini, w'ap jwenn anpil travayè, kantonye, moun pou taye wòch, chapant, ak anpil moun ki bòs nan tout kalite travay. 16Pou lò, lajan, kwiv ak fè, ou gen sa ankantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Senyè a toujou kanpe la avèk ou.
17Apre #1 Kwo 28.1 sa, David mande tout chèf pèp Izrayèl yo pou yo ede Salomon, pitit gason l lan. 18Li #Joz 21.44; 23.1; 2 Sam 7.1; 1 Kwo 23.25 di yo konsa:
— Senyè a, Bondye nou an, te toujou la avèk nou. Li fè nou viv nan lapè ak tout moun toupatou. Li lage nan men mwen tout lòt moun ki rete nan peyi a, kifè tout peyi a soumèt nèt devan Senyè a ak devan pèp li a. 19Kounyeya, se #1 Wa 5.3; 8.6 pou nou pran desizyon chache fè volonte Senyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati Tanp Senyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Senyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Senyè a ladan l.

Currently Selected:

1 Kwonik 22: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in