YouVersion Logo
Search Icon

1 Kwonik 17

17
Bondye pwomèt beni David
(2 Samyèl 7.1-17)
1Wa David te byen chita nan palè #2 Sam 7.1-29 li. Yon jou, li fè rele pwofèt Natan, li di li:
— Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bon jan bwa sèd, epi men Bwat Kontra Senyè a, se anba yon tant li ye.
2Natan reponn li:
— Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l paske Senyè a kanpe la avèk ou.
3Men, menm jou lannwit sa a, Bondye pale ak Natan. Li di l konsa:
4— Ale #1 Kwo 28.3 di David, sèvitè m lan, men sa mwen menm Senyè a, mwen voye di l: Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m rete. 5Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo kite peyi Lejip la jouk rive jodi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote mwen pase, se anba tant mwen toujou ye. 6Nan tout deplasman mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen.
7Kounyeya, men sa w'a di David, sèvitè m lan: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp Izrayèl la, pèp mwen an. 8Kote ou pase, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè. 9Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l anvan an, 10lè mwen te mete jij-chèf yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit. 11Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l lan kanpe fèm. 12Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen, m'ap fè gouvènman l lan kanpe fèm pou tout tan. 13M'ap #1 Sam 15.23,28; Eb 1.5 yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Mwen p'ap lage l jan mwen te lage moun ki te wa anvan ou lan. 14M'ap #1 Kwo 28.7; Lik 1.33 mete l chèf lakay mwen ak nan gouvènman mwen an pou tout tan. M'ap fè gouvènman fanmi li an kanpe fèm pou tout tan.
15Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l konnen nan vizyon an.
Lapriyè David pou di Bondye mèsi
(2 Samyèl 7.18-29)
16Aprè sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Senyè a, li di l konsa:
— Senyè Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tout sa ou deja fè pou nou? 17Men, ou wè sa pa kont toujou, Bondye sèl Mèt la! Kifè kounyeya w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Ou trete m tankou yon grannèg, Senyè sèl Mèt la. 18Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Senyè, apre sa pou bèl bagay ou fè pou mwen yo? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la. 19Se paske ou te fè pwomès la, paske ou te vle l konsa, Senyè, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m konnen yo. 20Senyè, Bondye mwen, pa gen tankou ou. Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa. 21Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la. Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa! Toupatou sou latè y'ap nonmen non ou pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò pou fè plas pou pèp ou a, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la. 22Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.
23Kounyeya, Senyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a. 24Kenbe pwomès ou pou tout moun rekonèt jan ou gen pouvwa, pou yo di: Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la vre. Se yon Bondye pou pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan devan ou. 25Se ou menm, Bondye mwen, ki te fè m konnen tou sa. Ou te di m, mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouray fè lapriyè sa a nan pye ou.
26Kounyeya, Senyè, se ou ki Bondye, se ou ki pwomèt sèvitè ou la bèl bagay sa yo. 27Tanpri, #Wòm 11.29 beni tout fanmi mwen apre mwen, pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Senyè, se ou ki bay benediksyon. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.

Currently Selected:

1 Kwonik 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in