1
Jan 15:5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.
Yenzanisa
Ongorora {{vhesi}}
2
Jan 15:4
Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se kon sa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen.
3
Jan 15:7
Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li.
4
Jan 15:16
Malgre sa, se pa nou ki te chwazi m, men se mwen menm ki chwazi nou, epi mwen tabli nou pou nou al pote fwi epi pou fwi nou yo kapab dire lontan. Konsa, tout sa nou va mande Papa a nan non m, li va ba nou l.
5
Jan 15:13
Pa janm gen yon lanmou pi gran pase lanmou yon moun ki bay pwòp lavi l pou moun li renmen.
6
Jan 15:2
Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou.
7
Jan 15:12
Men kòmandman mwen: Se pou nou renmen youn lòt, menm jan m renmen nou.
8
Jan 15:8
Lè nou donnen anpil, se kon sa nou montre nou se disip mwen. Alò moun va wè glwa Papa m.
9
Jan 15:1
“Mwen menm se vrè pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe pye rezen an.
10
Jan 15:6
Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife.
11
Jan 15:11
Mwen di nou pawòl sa a, pou lajwa pa m kapab nan nou, epi pou nou menm kapab gen lajwa nèt ale.
12
Jan 15:10
Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li.
13
Jan 15:17
Sa mwen pase nou lòd pou n fè se pou nou renmen youn lòt.
14
Jan 15:19
Si nou te moun lemonn, lemonn t ap renmen nou. Men paske nou pa moun lemonn epi se nan lemonn mwen te pran nou mete apa, se pou sa lemonn rayi nou.
Pekutangira
Bhaibheri
Zvirongwa
Mavideo