Lik 4:9-12
Lik 4:9-12 HAT98
Apre sa, Satan mennen l lavil Jerizalèm, li mete l kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa: — Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: — Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou okenn wòch. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.