1
Lik 9:23
1998 Haïtienne
Epi li di yo tout: — Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li pote kwa li chak jou, epi swiv mwen.
Харьцуулах
Lik 9:23 г судлах
2
Lik 9:24
Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, l'a sove li.
Lik 9:24 г судлах
3
Lik 9:62
Jezi reponn li: — Moun ki gentan mete men nan travay epi k'ap vire gade dèyè, moun sa a pa gen plas li kote Bondye wa a.
Lik 9:62 г судлах
4
Lik 9:25
Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye, si l pèdi nanm li, ou si l detwi lavi li?
Lik 9:25 г судлах
5
Lik 9:26
Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m ak tout bèl pouvwa Papa m, nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m tou.
Lik 9:26 г судлах
6
Lik 9:58
Jezi reponn li: — Chat mawon gen twou yo, zwazo nan syèl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa gen kote pou m poze tèt mwen.
Lik 9:58 г судлах
7
Lik 9:48
Epi li di yo: — Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan. Moun nan mitan nou ki pi ba a, se li ki gen plis enpòtans lan.
Lik 9:48 г судлах
Нүүр хуудас
Библи
Тѳлѳвлѳгѳѳ
Видео