1
Lik 12:40
1998 Haïtienne
Nou menm tou, se pou n' toujou pare. Paske Moun Bondye voye nan lachè a, li va vini sanzatann!
Харьцуулах
Lik 12:40 г судлах
2
Lik 12:31
Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen.
Lik 12:31 г судлах
3
Lik 12:15
Apre sa, li di yo tout: — Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.
Lik 12:15 г судлах
4
Lik 12:34
Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
Lik 12:34 г судлах
5
Lik 12:25
Kilès nan nou ki ka mete yon ti longè anplis sou lavi li afòs li fè tèt li travay?
Lik 12:25 г судлах
6
Lik 12:22
Apre sa, Jezi di disip li yo: — Se poutèt sa mwen di nou: Pa enkyete nou pou manje nou bezwen pou viv, ni pou rad nou bezwen pou nou mete.
Lik 12:22 г судлах
7
Lik 12:7
Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
Lik 12:7 г судлах
8
Lik 12:32
— Nou pa bezwen pè, nou menm ti gwoup moun pa m' yo! Se tout plezi Papa nou pou li ban nou peyi kote Bondye wa a.
Lik 12:32 г судлах
9
Lik 12:24
Gade kònèy: yo pa plante, yo pa rekòlte. Yo pa gen kolonbye ni galata. Epoutan Bondye pran swen yo. Nou menm, nou vo plis pase zwazo, pa vre?
Lik 12:24 г судлах
10
Lik 12:29
— Pa bay kò nou traka pou n toujou ap chache sa pou n manje ak sa pou n bwè.
Lik 12:29 г судлах
11
Lik 12:28
Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sa k fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye!
Lik 12:28 г судлах
12
Lik 12:2
Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè, nanpwen sekrè ki p'ap devwale.
Lik 12:2 г судлах
Нүүр хуудас
Библи
Тѳлѳвлѳгѳѳ
Видео