Sòm 25:15-21

Se sou Senyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m lè m nan move pa. Senyè, vire je ou bò kote m. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs. Pa kite m ak kè sere sa a. Wete m nan tray m'ap pase a. Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m yo. Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m, jan y'ap pousib mwen. Pwoteje m non! Delivre m non! Piga ou fè m wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache. Fè m viv yon jan ki san repwòch. Fè m mache dwat pou ou ka pwoteje m, paske tout espwa mwen se nan ou li ye.
Sòm 25:15-21