Sòm 22:1-5
(2) Bondye! Bondye! Poukisa ou lage mwen konsa? Poukisa ou kouri lwen mwen san ou pa pote mwen sekou, san koute jan m'ap plenn? (3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi. (4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou. (5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo. (6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pat janm regrèt yo te fè sa.
Sòm 22:1-5