Sòm 119:105-112

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen. Mwen sèmante epi m'ap kenbe sèman mwen: M'ap fè tou sa pawòl ou deside pou m'fè. Senyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m lavi ankò jan ou te pwomèt la. Senyè, koute lè m'ap lapriyè pou m di ou mèsi. Fè m konnen tou sa ou deside. Se tout tan lavi m an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou. Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pat dezobeyi lòd ou yo. Prensip ou yo se byen m pou tout tan, se yo ki fè kè m kontan. Mwen pran desizyon pou m fè tou sa ou vle m fè, tout tan jouk mwen mouri.
Sòm 119:105-112