Sòm 107:1-43

Sòm 107:1-43 - Lwanj pou Senyè a paske li bon!
Li p'ap janm sispann renmen nou!
Wi, moun Senyè a delivre, se sa pou yo di!
Li te delivre yo anba men lènmi yo,
li mennen yo tounen sòti nan mitan lòt nasyon yo
ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche,
ki sou bò nò ak sou bò sid.
Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a.
Yo pat kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.
Yo t'ap mouri grangou.
Swaf dlo t'ap touye yo.
Yo santi yo pat kapab ankò.

Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a.
Li wete yo nan lafliksyon sa a.
Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo
dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.
Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo,
pou bèl bagay li fè pou moun.
Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè.
Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.

Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a,
kote lavi yo te an danje anpil.
Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn,
paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la.
Yo pat okipe konsèy Bondye te ba yo.
Li te kraze kouray yo anba travay di.
Yo tonbe atè. Pat gen pèsonn pou ba yo men.
Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a.
Li wete yo nan lafliksyon sa a.

Li fè yo sòti kote ki fè nwa a.
Li kase chenn ki te mare yo.
Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo,
pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
Li kraze gwo pòt an fè yo.
Li kase bawo an fè yo.

Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo t fè.
Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal.
Yo pat menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.
Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a.
Li wete yo nan lafliksyon sa a.
Li louvri bouch li, li pale epi yo geri.
Li wete yo nan bouch twou a.

Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo,
pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l mèsi.
Se pou yo rakonte tou sa li fè.
Se pou yo chante tèlman yo kontan.

Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè.
Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv.
Yo te wè sa Senyè a te fè.
Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè.
Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve.
Sa fè lanm lanmè yo move.
Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo.
Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouray yo.
Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou.
Yo pèdi tout ladrès yo.
Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a.
Li wete yo nan lafliksyon sa a.

Li kase gwo van an.
Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt.
Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl.
Senyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo taprale a.
Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo,
pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini.
Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo.

Senyè a fè larivyè yo cheche nèt.
Li fè sous yo pa bay dlo ankò.
Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin,
paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.
Li fè dezè yo tounen ma dlo.
Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.
Se la li fè moun ki te grangou y moute kay yo.
Yo bati yon lavil pou yo rete.
Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen
ki bay bèl rekòt.
Li beni yo, li ba yo anpil pitit,
li pa kite bèt yo depeple.

Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye,
paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri,
yo te nan mizè.
Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo,
li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,
se li ki wete pòv malere yo nan mizè.
Se li ki fè yo fè pitit tankou chini.
Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan.
Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen.

Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo!
Se pou yo rekonèt jan Senyè a gen bon kè!

Lwanj pou Senyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, moun Senyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo, li mennen yo tounen sòti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid. Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pat kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete. Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pat kapab ankò. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun. Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje. Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pat okipe konsèy Bondye te ba yo. Li te kraze kouray yo anba travay di. Yo tonbe atè. Pat gen pèsonn pou ba yo men. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li fè yo sòti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo. Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo t fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal. Yo pat menm anvi manje, yo te prèt pou mouri. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan. Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv. Yo te wè sa Senyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè. Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move. Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouray yo. Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt. Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Senyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo taprale a. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo. Senyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò. Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste. Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk. Se la li fè moun ki te grangou y moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete. Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt. Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple. Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri, yo te nan mizè. Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a, se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini. Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen. Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Senyè a gen bon kè!

Sòm 107:1-43