Jak 1:1-18

Jak 1:1-18 - Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Senyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.

Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.
Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a. Se yon moun ki pa konn sa li vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann.

Se pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a. Konsa tou, yon frè ki rich dwe santi li kontan tou lè Bondye rabese li. Paske moun rich gen pou pase tankou flè zèb raje. Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l disparèt pandan tout kòmès li ap mache.

Benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè l'a fin pase anba eprèv yo, l'a resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè li anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske Bondye pa janm tante fè sa ki mal. Konsa tou, Bondye pa ka tante pesonn pou fè li fè sa ki mal. Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l, k'ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.
Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a. Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo sòti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li. Gremesi pawòl verite a, li ban nou lavi jan l te vle l la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye.

Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Senyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout. Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen. Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a. Se yon moun ki pa konn sa li vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann. Se pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a. Konsa tou, yon frè ki rich dwe santi li kontan tou lè Bondye rabese li. Paske moun rich gen pou pase tankou flè zèb raje. Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l disparèt pandan tout kòmès li ap mache. Benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè l'a fin pase anba eprèv yo, l'a resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè li anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske Bondye pa janm tante fè sa ki mal. Konsa tou, Bondye pa ka tante pesonn pou fè li fè sa ki mal. Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l, k'ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò. Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a. Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo sòti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li. Gremesi pawòl verite a, li ban nou lavi jan l te vle l la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye.

Jak 1:1-18