Ezayi 55:10-13
Gade! Lapli ak lawouze sòti nan syèl la, yo pa tounen kote yo sòti a san yo pa wouze latè, san yo pa fè l donnen, san yo pa fè plant yo pouse pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje. Konsa tou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a. N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou! Pye pichpen va pouse kote ki te plen pikan. Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon. Sa va sèvi yon lwanj pou Senyè a, yon remak k'ap la pou tout tan, yon siy pèsonn p'ap ka detwi.
Ezayi 55:10-13