Ezayi 12:1-4
Jou sa a, w'a pran chante: — M'ap fè lwanj ou, Senyè! Ou te move sou mwen. Men kounyeya, ou pa fache ankò. W'ap ban m kouray. Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m! Menm jan kè pèp la kontan lè yo pral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan tou lè Bondye ap delivre yo. Jou sa a, n'a chante: Ann di Bondye mèsi! Annou fè lwanj non li! Annou fè tout nasyon yo konnen sa li fè!
Ezayi 12:1-4