1 Jan 2:1-6
Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kote Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. Paske, Jezikri te fè sakrifis tèt li bay Bondye pou peche nou, non sèlman pou peche pa nou, men tou pou peche lemonn antye. Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. Lè yon moun di: Mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li. Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye: Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l viv tankou Jezi te viv la.
1 Jan 2:1-6