1 Korent 13:1-13

1 Korent 13:1-13 - Menm si m'ta pale tout lang, ata lang zanj yo, si m'pa gen lacharite, bè pawòl mwen yo se tankou van nan vaksin, tankou klòch k'ap fè bri. Menm si m'ta gen don pou bay mesaj Bondye a, menm si m'ta gen anpil anpil konesans, menm si m'ta konprann tout sekrè nan mistè Bondye, menm si m'ta gen anpil anpil lafwa jouk m'ta rive fè san sot nan wòch, si m'pa gen lacharite, sa p'ap sèvi mwen anyen. Menm si m'ta separe tou sa m'genyen fè kado, menm si m'ta livre kò mwen pou yo boule vif, si m'pa gen lamou nan kè mwen, sa p'ap sèvi anyen.
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun. Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè. Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre. Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
Lamou pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini. Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li. Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt.
Se tankou lè m'te timoun piti. M'te pale, m'te panse, m'te reflechi tankou timoun piti. Men lè m'vin gran, m'kite lespri timoun nan. Epi, pou reyalite koulyeya, sa nou wè a se annik yon imaj tou twoub nou apèsi, se tankou yon pòtre n'ap devinen nan yon gas. Men, pita, nou pral fasafas. Koulyeya, nou pa fin konnen tout bagay. Gen yon jou m'ap konnen nèt jan Bondye konnen mwen an.
Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.

Menm si m'ta pale tout lang, ata lang zanj yo, si m'pa gen lacharite, bè pawòl mwen yo se tankou van nan vaksin, tankou klòch k'ap fè bri. Menm si m'ta gen don pou bay mesaj Bondye a, menm si m'ta gen anpil anpil konesans, menm si m'ta konprann tout sekrè nan mistè Bondye, menm si m'ta gen anpil anpil lafwa jouk m'ta rive fè san sot nan wòch, si m'pa gen lacharite, sa p'ap sèvi mwen anyen. Menm si m'ta separe tou sa m'genyen fè kado, menm si m'ta livre kò mwen pou yo boule vif, si m'pa gen lamou nan kè mwen, sa p'ap sèvi anyen. Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun. Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè. Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre. Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li. Lamou pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini. Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li. Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt. Se tankou lè m'te timoun piti. M'te pale, m'te panse, m'te reflechi tankou timoun piti. Men lè m'vin gran, m'kite lespri timoun nan. Epi, pou reyalite koulyeya, sa nou wè a se annik yon imaj tou twoub nou apèsi, se tankou yon pòtre n'ap devinen nan yon gas. Men, pita, nou pral fasafas. Koulyeya, nou pa fin konnen tout bagay. Gen yon jou m'ap konnen nèt jan Bondye konnen mwen an. Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.

1 Korent 13:1-13