Women 5:12-21

Women 5:12-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Se poutèt yon sèl moun kifè peche antre nan lemonn. Peche louvri pòt bay lanmò. Se konsa, lanmò vin pou tout moun, paske tout moun peche. Peche te deja nan lemonn bèldriv anvan lalwa Moyiz la. Men paske pa te gen lalwa, Bondye pa te pran sanksyon kont peche. Men, sòti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pat fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an. Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou. Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras. Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la. Se sa k fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi. Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun peche, konsa tou, obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras. Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo. Se sa k fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Senyè nou an.

Women 5:12-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Le péché est entré dans le monde à cause d’un seul homme, Adam, et le péché a amené la mort. Alors la mort a touché tous les êtres humains parce que tous ont péché. Avant que Dieu donne la loi à Moïse, le péché était dans le monde, mais quand il n’y a pas de loi, on ne tient pas compte du péché. Pourtant, depuis le temps d’Adam jusqu’à Moïse, la mort a été très puissante. Elle a frappé même ceux qui n’ont pas péché comme Adam, qui a désobéi à l’ordre de Dieu. Adam représentait celui qui allait venir. Mais il y a une grande différence entre le don gratuit de Dieu et la faute d’Adam. Oui, à cause de la faute d’un seul homme, Adam, un grand nombre de gens sont morts. Mais le don gratuit de Dieu est beaucoup plus important. Ce don, Dieu l’a accordé par un seul homme, Jésus-Christ, et ainsi, il a répandu généreusement ses bienfaits sur un grand nombre de gens. Le don de Dieu produit un autre résultat que le péché d’un seul homme. En effet, après le péché d’un seul, Adam, le jugement de Dieu a eu pour résultat de condamner les êtres humains. Au contraire, le don gratuit de Dieu a eu pour résultat de les rendre justes malgré leurs nombreuses fautes. Oui, par un seul homme, par la faute d’un seul, la mort a frappé tout le monde. Mais par le seul Jésus-Christ, les êtres humains reçoivent beaucoup plus de Dieu : il leur donne gratuitement ses bienfaits et il les rend justes. Par le Christ, ils vivront et ils seront rois avec lui. Finalement, la faute d’un seul a eu pour résultat de condamner tous les êtres humains. De même, l’action juste d’un seul a pour résultat de rendre justes tous les êtres humains, et par là, ils ont la vie. Autrefois, un seul homme a refusé d’obéir à Dieu, et un grand nombre de gens sont devenus pécheurs. De même, un seul homme a obéi, et un grand nombre de gens seront rendus justes. La loi est arrivée, et les fautes sont devenues de plus en plus nombreuses. Mais là où les péchés sont devenus de plus en plus nombreux, les bienfaits de Dieu ont été plus nombreux encore. Autrefois, le péché avait tout pouvoir pour donner la mort. De même maintenant, la bonté de Dieu a tout pouvoir pour rendre justes les êtres humains, et ainsi nous pouvons recevoir la vie avec Dieu pour toujours, par Jésus-Christ notre Seigneur.

Women 5:12-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Peche te antre nan lemonn poutèt sa yon nonm te fè. Epi, poutèt peche, lanmò vini. Se poutèt sa, tout moun dwe mouri, paske tout moun fè peche. Peche te gentan la anvan Lalwa Moyiz la. Men Bondye pa t pran nòt pou peche yo lè pa t ko gen lalwa. Men depi sou tan Adan, rive sou tan Moyiz, lanmò ap renye sou tout moun. Adan te mouri paske l te peche lè l pa t obeyi lòd Bondye te pase l. Konsa, menm moun ki pa t fè menm kalite peche ak Adan, yo te gen pou yo mouri tou. Adan sanble ak Kris la ki te gen pou vini apre sa. Men, kado Bondye bay la pa menm jan ak peche Adan an. Anpil moun mouri poutèt peche yon sèl moun, ki se Adan. Men gras Bondye bay la, li pi enpòtan anpil. Gras sa a, Bondye bay li pa mwayen yon sèl moun, Jezikris. Li bay anpil moun li san mezire. Apre Adan te fin peche, li te koupab epi kondane amò. Men gras Bondye a pa menm jan. Poutèt kado Bondye bay la, anpil moun tounen moun ki dwat devan Bondye, malgre yo fè anpil peche. Yon sèl moun peche, epi lanmò vin gen pouvwa sou tout moun, poutèt yon sèl moun. Men kounye a, gen anpil moun ki resevwa gras Bondye a, kado Bondye fè pou l fè moun vin jis la. Moun sa yo gen pou yo viv pou yo ka renye sou lanmò pa mwayen Jezikris. Kidonk, peche yon sèl moun lakòz tout moun kondane. Se menm jan an tou, yon sèl bon bagay Kris fè a, sa fè yo tout vin jis devan Bondye. Se sa ki fè yo tout vin jis devan Bondye epi yo resevwa lavi toutbon an. Yon moun te dezobeyi Bondye, sa fè anpil moun vin peche. Men se menm jan an tou, yon moun obeyi Bondye epi anpil moun ap vin jis devan Bondye. Lalwa te vini, li lakòz vin gen plis fason pou moun peche toujou. Men kote peche yo vin pi plis, gras Bondye monte pi plis toujou. Peche sèvi ak lanmò pou l renye sou nou. Men kounye a, gras Bondye gen pouvwa sou peche ak lanmò poutèt jistis Bondye. Epi se sa ki ban nou lavi etènèl pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.

Women 5:12-21 New International Version (NIV)

Therefore, just as sin entered the world through one man, and death through sin, and in this way death came to all people, because all sinned— To be sure, sin was in the world before the law was given, but sin is not charged against anyone’s account where there is no law. Nevertheless, death reigned from the time of Adam to the time of Moses, even over those who did not sin by breaking a command, as did Adam, who is a pattern of the one to come. But the gift is not like the trespass. For if the many died by the trespass of the one man, how much more did God’s grace and the gift that came by the grace of the one man, Jesus Christ, overflow to the many! Nor can the gift of God be compared with the result of one man’s sin: The judgment followed one sin and brought condemnation, but the gift followed many trespasses and brought justification. For if, by the trespass of the one man, death reigned through that one man, how much more will those who receive God’s abundant provision of grace and of the gift of righteousness reign in life through the one man, Jesus Christ! Consequently, just as one trespass resulted in condemnation for all people, so also one righteous act resulted in justification and life for all people. For just as through the disobedience of the one man the many were made sinners, so also through the obedience of the one man the many will be made righteous. The law was brought in so that the trespass might increase. But where sin increased, grace increased all the more, so that, just as sin reigned in death, so also grace might reign through righteousness to bring eternal life through Jesus Christ our Lord.

Women 5:12-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

C’est pourquoi, de même que par un seul homme, le péché est entré dans le monde et par le péché, la mort, et ainsi la mort a atteint tous les hommes parce que tous ont péché … En effet, jusqu’à ce que Dieu donne la Loi de Moïse, le péché existait bien dans le monde ; or le péché n’est pas pris en compte quand la Loi n’existe pas. Et pourtant, la mort a régné depuis Adam jusqu’à Moïse, même sur les hommes qui n’avaient pas commis une faute semblable à celle d’Adam – qui est comparable à celui qui devait venir. Mais il y a une différence entre la faute et le don de la grâce ! En effet, si la faute d’un seul a eu pour conséquence la mort de beaucoup, à bien plus forte raison la grâce de Dieu, don gratuit qui vient d’un seul homme, Jésus-Christ, a surabondé pour beaucoup. Quelle différence aussi entre les conséquences du péché d’un seul et le don ! En effet, le jugement intervenant à cause d’un seul homme a entraîné la condamnation, mais le don de grâce, intervenant à la suite de nombreuses fautes, a conduit à l’acquittement. Car si, par la faute commise par un seul homme, la mort a régné à cause de ce seul homme, à bien plus forte raison ceux qui reçoivent l’abondance de la grâce qu’est le don de la justification régneront-ils dans la vie par Jésus-Christ, lui seul. Ainsi donc, comme une seule faute a entraîné la condamnation de tous les hommes, un seul acte satisfaisant à la justice a obtenu pour tous les hommes l’acquittement qui leur assure la vie. Comme, par la désobéissance d’un seul, beaucoup d’hommes ont été déclarés pécheurs devant Dieu, de même, par l’obéissance d’un seul, beaucoup seront déclarés justes devant Dieu. Quant à la Loi, elle est intervenue pour que le péché prolifère. Mais là où le péché a proliféré, la grâce a surabondé pour que, comme le péché a régné par la mort, de même la grâce règne par la justice que Dieu accorde et qui aboutit à la vie éternelle par Jésus-Christ notre Seigneur.