Women 4:8-25

Women 4:8-25 1998 Haïtienne (HAT98)

Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa mande l kont pou sa li fè ki mal! Eske benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fenk sot di se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te fè l gras. Kilè sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pat nan apre. Se te anvan li te sikonsi. Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras. Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi. Bondye te pwomèt Abraram ak pitit pitit li yo pou l te ba yo tout latè pou eritaj. Bondye pat fè pwomès sa a paske Abraram te fè sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sa k fè Bondye te fè l gras. Si sa Bondye te pwomèt la se te pou moun ki fè sa lalwa a mande, moun pa ta bezwen gen konfyans nan Bondye ankò. Pwomès li a pèdi tout valè li. Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa. Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sa k fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout, jan sa ekri nan Liv la: Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pat la. Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pat gen okenn rezon pou l te tann ankò. Se sa k fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo va anpil. Lè sa a, Abraram te vanse gen santan. Men konfyans li pa te febli lè li te wè kò li ap tchoule, epi madanm li Sara pa t'ap ka fè pitit. Non, li pat pèdi konfyans nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t'ap chante lwanj Bondye. Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l te fè sa l te pwomèt la. Se konsa, poutèt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fè l gras. Men se pa pou Abraram sèlman yo te ekri pawòl sa yo: Bondye konsidere li pou moun dwat. Pawòl sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fè nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fè sòti vivan pami mò yo, Jezikri, Senyè nou an. Se Jezikri sa a ki te mouri pou peche nou epi ki te resisite pou fè Bondye fè nou gras.

Women 4:8-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Voici l’homme heureux : le Seigneur ne tient pas compte de sa faute. » Est-ce que ce bonheur est seulement pour les Juifs, ou bien est-ce qu’il est aussi pour les autres peuples ? Nous avons dit : « Abraham a cru en Dieu, alors Dieu l’a reconnu comme juste en tenant compte de sa foi. » Mais quand Dieu l’a-t-il reconnu comme juste ? Après sa circoncision ou avant ? Non pas après, mais avant ! Avant d’être circoncis, Abraham était juste parce qu’il croyait en Dieu. Ensuite seulement, il a reçu la marque de la circoncision. Celle-ci montrait que Dieu le reconnaissait comme juste à cause de sa foi. De cette façon, Abraham est devenu le père de tous ceux qui croient en Dieu, même s’ils ne sont pas circoncis. Ceux-là, Dieu les reconnaît comme justes. Abraham est devenu aussi le père des circoncis. Je veux parler de ceux qui ne sont pas seulement circoncis dans leur corps, mais qui suivent en même temps l’exemple de notre père Abraham : lui, il a cru en Dieu avant d’être circoncis. Dieu a promis à Abraham, et à ceux qui allaient naître de lui, qu’ils recevraient la terre. Mais cette promesse, Dieu ne l’a pas faite parce qu’Abraham a obéi à la loi. Il l’a faite parce qu’il a reconnu Abraham comme juste à cause de sa foi. Si les biens promis étaient seulement pour ceux qui obéissent à la loi, la foi ne servirait à rien, et la promesse de Dieu n’aurait plus de valeur. En effet, la loi produit la colère de Dieu, mais quand il n’y a pas de loi, on ne peut pas désobéir à la loi. Pour cette raison, c’est en croyant qu’on reçoit les biens promis, et c’est vraiment un don gratuit. Alors la promesse est valable pour tous ceux qui sont nés d’Abraham. Elle est valable, non seulement pour ceux qui sont soumis à la loi, mais également pour ceux qui croient comme Abraham, notre père à tous. Oui, les Livres Saints le disent : « J’ai fait de toi le père de beaucoup de peuples. » Abraham est notre père devant Dieu en qui il a cru. C’est le Dieu qui donne la vie aux morts et qui appelle à exister ce qui n’existe pas encore. Il n’y avait plus d’espoir, et pourtant Abraham a espéré. Il a cru en Dieu et pour cela, il est devenu « le père de beaucoup de peuples ». Les Livres Saints le disent : « Ceux qui vont naître de toi seront très nombreux. » La foi d’Abraham est restée solide, pourtant il avait à peu près 100 ans. Et il le savait : son corps était déjà comme mort et Sara ne pouvait pas avoir d’enfant. Devant la promesse de Dieu, il n’a pas manqué de confiance. Au contraire, sa foi l’a rempli de force, et il a rendu gloire à Dieu. Il était sûr d’une chose : ce que Dieu a promis, il est assez puissant pour le faire. C’est pourquoi Dieu a reconnu Abraham comme juste . Quand les Livres Saints disent : « Dieu l’a reconnu comme juste », ces paroles ne sont pas pour Abraham seulement. Elles sont aussi pour nous, et Dieu tiendra compte de notre foi. En effet, nous croyons en lui, qui a réveillé Jésus notre Seigneur de la mort. Jésus a été livré à cause de nos fautes, mais Dieu l’a réveillé de la mort pour nous rendre justes.

Women 4:8-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Se yon gwo benediksyon lè Senyè a retire peche yon moun nan lis kote yo te ekri!” Èske benediksyon sa a se sèlman pou moun ki sikonsi? Oubyen èske l pou moun ki pa sikonsi tou? Nou te gentan di sa deja, se poutèt lafwa Abraram Bondye te aksepte l pou yon moun ki jis devan l. Ki lè sa te pase? Èske Bondye te aksepte Abraram anvan oubyen apre l te fin sikonsi? Bondye te aksepte l anvan l te sikonsi. Abraram te vin sikonsi nan apre, pou montre Bondye te aksepte l. Sikonsizyon li se te yon prèv li te yon moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, anvan l te sikonsi. Konsa, Abraram se papa tout moun ki kwè epi ki pa sikonsi. Yo kwè epi Bondye aksepte yo kòm moun ki jis devan li. Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Men se pa sikonsizyon yo a sèlman ki fè l papa yo. Li se papa yo si yo imite lafwa l te genyen anvan l te sikonsi a. Abraram ak desandan li yo te jwenn pwomès pou yo posede lemonn antye. Men Abraram pa t jwenn pwomès sa a paske l t ap swiv Lalwa. Li te jwenn pwomès sa a, paske l te jis devan Bondye poutèt lafwa li. Si se moun ki swiv Lalwa k ap jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè sa a, lafwa pa t ap gen okenn enpòtans, epi pwomès Bondye a t ap san valè. Paske Lalwa rale kòlè Bondye sou moun ki dezobeyi l. Konsa, si pa gen lalwa, pa gen dezobeyisans lalwa. Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se kon sa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout. Se kon sa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.” Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste. Pa t gen okenn espwa pou Abraram te gen pitit, men Abraram te met konfyans li nan Bondye epi l te kontinye espere. Se poutèt sa, li vin papa yon anpil nasyon, jan Bondye te di l la: “W ap gen anpil desandan.” Abraram te prèske gen santan, laj pou l te fè pitit la te gentan pase. Epi Sara pa t ka fè pitit tou. Abraram te byen konnen sa, men konfyans li nan Bondye pa t febli. Li pa t janm doute nan mete nan tèt li Bondye pa ta kenbe pawòl li. Olye l ta sispann kwè, li kontinye fè Bondye konfyans epi li fè lwanj pou Bondye. Abraram te sèten Bondye gen puisans pou l fè sa l te pwomèt. Se poutèt sa “Bondye te aksepte l kòm moun ki aji dwat devan l.” Men se pa sèlman Abraram Pawòl Bondye a di “Bondye aksepte l kòm moun ki dwat.” Nou ladan l tou. Bondye ap aksepte nou paske nou kwè. Nou kwè nan sila a ki te resisite a, Jezi, Senyè nou an. Bondye te bay Jezi pou l te ka mouri pou peche nou. Epi li resisite l, pou l kapab aksepte nou kòm moun dwat devan l.

Women 4:8-25 New International Version (NIV)

Blessed is the one whose sin the Lord will never count against them.” Is this blessedness only for the circumcised, or also for the uncircumcised? We have been saying that Abraham’s faith was credited to him as righteousness. Under what circumstances was it credited? Was it after he was circumcised, or before? It was not after, but before! And he received circumcision as a sign, a seal of the righteousness that he had by faith while he was still uncircumcised. So then, he is the father of all who believe but have not been circumcised, in order that righteousness might be credited to them. And he is then also the father of the circumcised who not only are circumcised but who also follow in the footsteps of the faith that our father Abraham had before he was circumcised. It was not through the law that Abraham and his offspring received the promise that he would be heir of the world, but through the righteousness that comes by faith. For if those who depend on the law are heirs, faith means nothing and the promise is worthless, because the law brings wrath. And where there is no law there is no transgression. Therefore, the promise comes by faith, so that it may be by grace and may be guaranteed to all Abraham’s offspring—not only to those who are of the law but also to those who have the faith of Abraham. He is the father of us all. As it is written: “I have made you a father of many nations.” He is our father in the sight of God, in whom he believed—the God who gives life to the dead and calls into being things that were not. Against all hope, Abraham in hope believed and so became the father of many nations, just as it had been said to him, “So shall your offspring be.” Without weakening in his faith, he faced the fact that his body was as good as dead—since he was about a hundred years old—and that Sarah’s womb was also dead. Yet he did not waver through unbelief regarding the promise of God, but was strengthened in his faith and gave glory to God, being fully persuaded that God had power to do what he had promised. This is why “it was credited to him as righteousness.” The words “it was credited to him” were written not for him alone, but also for us, to whom God will credit righteousness—for us who believe in him who raised Jesus our Lord from the dead. He was delivered over to death for our sins and was raised to life for our justification.

Women 4:8-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Il est béni, l’homme au compte de qui le Seigneur ne porte pas le péché ! Cette bénédiction est-elle réservée aux seuls circoncis, ou est-elle aussi accessible aux incirconcis ? Nous venons de le dire : Dieu a porté la foi d’Abraham à son crédit pour le déclarer juste. A quel moment cela a-t-il eu lieu ? Quand Abraham était circoncis ou quand il était encore incirconcis ? Ce n’est pas quand il était circoncis, mais quand il ne l’était pas encore. Et Dieu lui donna ensuite le signe de la circoncision comme sceau de la justice qu’il avait déjà reçue par la foi avant d’être circoncis. Il est devenu ainsi le père de tous ceux qui croient sans être circoncis pour qu’eux aussi soient déclarés justes par Dieu de la même manière. Il est aussi devenu le père des circoncis qui ne se contentent pas d’avoir la circoncision, mais qui suivent l’exemple de la foi que notre père Abraham a manifestée alors qu’il était encore incirconcis. Car la promesse de recevoir le monde en héritage a été faite à Abraham ou à sa descendance non parce qu’il avait obéi à la Loi, mais parce que Dieu l’a déclaré juste à cause de sa foi. En effet, s’il faut être sous le régime de la Loi pour avoir droit à cet héritage, alors la foi n’a plus de sens et la promesse est annulée. Car la Loi produit la colère de Dieu. Or, là où il n’y a pas de Loi, il n’y a pas non plus de transgression. Voilà pourquoi l’héritage se reçoit par la foi : c’est pour qu’il soit un don de la grâce. Ainsi, la promesse se trouve confirmée à toute la descendance d’Abraham, c’est-à-dire non seulement à celle qui a la Loi, mais aussi à celle qui partage la foi d’Abraham. Il est notre père à tous, comme le dit l’Ecriture : Je t’ai établi pour être le père d’une multitude de peuples . Placé en présence de Dieu, il mit sa confiance en celui qui donne la vie aux morts et appelle à l’existence ce qui n’existe pas. Alors que tout portait au contraire, il a eu confiance, plein d’espérance. Ainsi il est devenu le père d’une multitude de peuples conformément à ce que Dieu lui avait dit : Tes descendants seront nombreux . Bien qu’il considéra son corps, qui était comme mort – il avait presque cent ans – et celui de Sara, qui ne pouvait plus donner la vie, sa foi ne faiblit pas. Au contraire : loin de mettre en doute la promesse et de refuser de croire, il trouva sa force dans la foi, en reconnaissant la grandeur de Dieu et en étant absolument persuadé que Dieu est capable d’accomplir ce qu’il a promis. C’est pourquoi, Dieu l’a déclaré juste en portant sa foi à son crédit . Or si cette parole : Dieu a porté sa foi à son crédit a été consignée dans l’Ecriture, ce n’est pas seulement pour Abraham. Elle nous concerne nous aussi. Car la foi sera aussi portée à notre crédit, à nous qui plaçons notre confiance en celui qui a ressuscité Jésus notre Seigneur ; il a été livré pour nos fautes, et il est ressuscité pour que nous soyons déclarés justes.