Revelasyon 4:1-11

Revelasyon 4:1-11 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen wè yon pòt louvri nan syèl la. Vwa ki t'ap sonnen nan zòrèy mwen tankou yon klewon an, menm vwa ki t'ap pale avè m anvan an, di m konsa: — Moute bò isit, m'a fè ou wè sa ki gen pou rive apre sa. Lamenm, Lespri Bondye a fè m fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan syèl la ak yon moun chita sou li. Figi moun lan te klere tankou pyè bijou yo rele jasp la ak sa yo rele sadouàn lan. Fòtèy la menm te nan mitan yon gwo lakansyèl ki te klere tankou yon pyè emwòd. Tout arebò fòtèy la, te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tou blan sou yo, ak yon kouwòn lò sou tèt yo chak. Kout zèklè t'ap pati sòti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loray. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la. Se sèt Lespri Bondye yo. Devan fòtèy la tou, te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè glas ki te klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat kreyati vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen je nan tout kò yo, devan kou dèyè. Premye a te sanble ak yon lyon. Dezyèm lan te sanble ak yon jenn ti towo bèf. Twazyèm lan te gen yon figi ki te sanble ak figi moun. Katriyèm lan te sanble ak yon gwo malfini k'ap vole. Yo chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la kounyeya, ki gen pou vini an. Kat kreyati vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di li mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo t'ap chante, vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di: O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l.

Revelasyon 4:1-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après cela, je vois encore autre chose. Dans le ciel, une porte est ouverte. J’avais déjà entendu une voix puissante, comme le son d’une trompette. Cette même voix me dit : « Monte ici, et je vais te montrer ce qui doit arriver ensuite. » Aussitôt, l’Esprit Saint me saisit, et je vois le siège d’un roi installé dans le ciel. Quelqu’un est assis sur ce siège. Celui qui est assis brille comme des pierres précieuses vertes et rouges. Un cercle brillant entoure le siège, sa lumière est verte comme celle d’une pierre précieuse. Autour du siège royal, il y a 24 sièges. Sur ces sièges, 24 anciens sont assis. Ils ont des vêtements blancs. Sur la tête, ils portent une couronne d’or. Des éclairs, des bruits et des coups de tonnerre partent du siège de roi, et devant ce siège, sept lampes allumées brûlent. Ce sont les sept esprits de Dieu. Devant le siège de roi, il y a comme une mer aussi transparente que du verre. Au milieu, autour de ce siège, il y a quatre êtres vivants qui sont couverts d’yeux devant et derrière. Le premier être vivant ressemble à un lion, le deuxième à un jeune taureau. Le troisième a un visage semblable à celui d’un être humain, le quatrième ressemble à un aigle qui vole. Les quatre êtres vivants ont chacun six ailes. Ils ont des yeux partout, sur les ailes et sous les ailes. Jour et nuit, ils chantent sans cesse : « Saint, Saint, Saint, le Seigneur, le Dieu tout-puissant, celui qui est, qui était et qui vient ! » Ils chantent la gloire de celui qui est assis sur le siège royal, de celui qui est vivant pour toujours. Ils l’honorent et le remercient. Et chaque fois que les êtres vivants chantent, les 24 anciens tombent à genoux devant celui qui est assis sur le siège. Ils adorent celui qui est vivant pour toujours. Ils jettent leurs couronnes devant le siège en disant : « Seigneur notre Dieu, tu es digne de recevoir la gloire, l’honneur et la puissance. C’est toi qui as créé toutes choses, tu as voulu qu’elles existent, et elles ont été créées. »

Revelasyon 4:1-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, m gade, m wè yon pòt louvri nan syèl la. Premye vwa ki te pale avè m di konsa: Monte isit, m ap fè w wè sa k ap rive apre sa. Touswit, Sentespri Bondye pran kontwòl mwen. Mwen wè yon twòn nan syèl la, epi sou twòn nan, te gen yon moun chita. Moun ki te chita sou twòn nan te bèl tankou yon bijou yo rele jasp ak sadwan. Epi toutotou twòn nan, se te yon Akansyèl ki te sanble ak yon wòch yo rele emwod. Toutotou twòn nan te gen 24 pèsonaj ansyen, chita, abiye toudeblan epi yo te gen kouwòn an ò sou tèt yo. Yon seri kout zeklè, gwo bri ak kout loray ap soti sou twòn nan. Devan twòn nan gen sèt lanp k ap klere byen klere, se sèt Espri Bondye yo. Devan twòn nan, te gen yon bagay ki sanble ak yon lanmè an glas, sanble ak kristal. Nan mitan twòn nan, epi toutotou twòn nan, gen kat kreyati vivan, yo plen je devan kon dèyè. Premye kreyati vivan an sanble ak yon lyon, dezyèm kreyati vivan an sanble ak yon jenn towo bèf, twazyèm kreyati vivan an sanble ak yon figi moun, epi katriyèm kreyati vivan an sanble ak yon gwo malfini k ap vole. Tout kat kreyati vivan yo te genyen sis zèl. Yo ranpli ak je toutotou epi anndan yo tou. Yo pa sispann ap repete lannwit kou lajounen: “Sen, sen, Bondye Senyè a sen, li menm ki toupisan an, li te la, li la, epi l ap vini!” Yo t ap chante glwa ak onè pou moun ki te chita sou twòn nan, moun k ap viv pou tout tan an. Epi chak fwa yo te fè sa, 24 pèsonaj ansyen yo te tonbe ajenou devan moun ki chita sou twòn nan epi k ap viv pou tout tan gen tan an. Yo adore moun k ap viv pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan twòn nan pandan y ap di konsa: “Senyè Bondye nou, ou diy pou resevwa glwa, onè ak pouvwa. Paske se ou menm ki kreye tout bagay. Tout bagay te fèt paske w te vle fè yo.”

Revelasyon 4:1-11 New International Version (NIV)

After this I looked, and there before me was a door standing open in heaven. And the voice I had first heard speaking to me like a trumpet said, “Come up here, and I will show you what must take place after this.” At once I was in the Spirit, and there before me was a throne in heaven with someone sitting on it. And the one who sat there had the appearance of jasper and ruby. A rainbow that shone like an emerald encircled the throne. Surrounding the throne were twenty-four other thrones, and seated on them were twenty-four elders. They were dressed in white and had crowns of gold on their heads. From the throne came flashes of lightning, rumblings and peals of thunder. In front of the throne, seven lamps were blazing. These are the seven spirits of God. Also in front of the throne there was what looked like a sea of glass, clear as crystal. In the center, around the throne, were four living creatures, and they were covered with eyes, in front and in back. The first living creature was like a lion, the second was like an ox, the third had a face like a man, the fourth was like a flying eagle. Each of the four living creatures had six wings and was covered with eyes all around, even under its wings. Day and night they never stop saying: “ ‘Holy, holy, holy is the Lord God Almighty,’ who was, and is, and is to come.” Whenever the living creatures give glory, honor and thanks to him who sits on the throne and who lives for ever and ever, the twenty-four elders fall down before him who sits on the throne and worship him who lives for ever and ever. They lay their crowns before the throne and say: “You are worthy, our Lord and God, to receive glory and honor and power, for you created all things, and by your will they were created and have their being.”

Revelasyon 4:1-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Après cela, je vis une porte ouverte dans le ciel. Et la voix que j’avais entendue me parler au début et qui résonnait comme une trompette me dit : Monte ici, et je te montrerai ce qui doit arriver après cela. A l’instant, l’Esprit se saisit de moi. Et voici : il y avait un trône dans le ciel. Et sur ce trône quelqu’un siégeait. Celui qui siégeait avait l’aspect d’une pierre de jaspe et de sardoine. Un arc-en-ciel entourait le trône, brillant comme l’émeraude. Autour du trône se trouvaient vingt-quatre trônes. Et sur ces trônes siégeaient vingt-quatre représentants du peuple de Dieu. Ils étaient vêtus de blanc, et portaient des couronnes d’or sur la tête. Du trône jaillissaient des éclairs, des voix et des coups de tonnerre. Devant le trône brûlaient sept flambeaux ardents, qui sont les sept esprits de Dieu. Devant le trône s’étendait comme une mer de verre, transparente comme du cristal. Au milieu du trône et tout autour se tenaient quatre êtres vivants entièrement couverts d’yeux, devant et derrière. Le premier d’entre eux ressemblait à un lion, le deuxième à un jeune taureau, le troisième avait le visage pareil à celui d’un homme et le quatrième était semblable à un aigle en plein vol. Chacun de ces quatre êtres vivants avait six ailes couvertes d’yeux par-dessus et par-dessous. Jour et nuit, ils ne cessent de dire : Saint, saint, saint est le Seigneur Dieu , le Tout-Puissant, celui qui était, qui est et qui vient. Et chaque fois que les êtres vivants présentent leur adoration, leur hommage et leur reconnaissance à celui qui siège sur le trône, à celui qui vit éternellement, les vingt-quatre représentants du peuple de Dieu se prosternent devant celui qui siège sur le trône et adorent celui qui vit éternellement. Ils déposent leurs couronnes devant le trône, en disant : Tu es digne, notre Seigneur et notre Dieu, qu’on te donne gloire, honneur et puissance, car tu as créé tout ce qui existe, l’univers entier doit son existence et sa création à ta volonté.